Nòt pou laprès òganizasyon, atis ak pèsonalite ki te lanse mach 22 out la
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 22 out 2022
An n kontinye leve kanpe pou yon lòt endepandans
Noumenm, òganizasyon, atis ak pèsonalite ki te lanse dezyèm mach wouj 22 dawout la nan tèt kole ak divès lòt òganizasyon, nou voye yon gwo kout ayibobo pou tout moun ki te pote kole nan gwo mobilizasyon 22 dawout la nan tout peyi a. Nan lwès, nan nò, nan sid, nip, nan sidès ak plizyè lòt kote nan peyi a, plizyè milye moun te leve kanpe pou bay defakto Ariel Henry /PHTK, Core Group ak alye yo katon wouj.
Mobilizasyon jodi a kraze plizyè mit. Pèp la montre aklè, li ka mobilize epi se pa lajan k ap fè l mobilize. N ap raple pou memwa, gwo mobilizasyon sa a fèt nan kad 231 lane gwo rasanbleman politik 14 dawout la ak gwo soulèvman jeneral zansèt nou yo te fè pou koupe fache ak sistèm kolonyal, esklavajis ak rasis la.
N ap pwofite okazyon sa a, pou nou denonse ak tout fòs nou, zak kriminèl ak represyon sovaj pouvwa a voye lapolis ak alye yo fè sou pèp la. Pou jodi a, pouvwa a asasinen 3 moun pou pi piti, pami yo gen yon demwazèl 14 lane ajan Swat asasinen devan lakay li nan delma 38. Gen plizyè moto ki boule, plizyè chofè, anpil jounalis, manifestan ak moun ki nan lakou lakay yo ki pran gaz. Menm granmoun, fanm ansent ak timoun piti pat epaye anba gaz lapolis. Menm zak represyon sa yo fèt nan plizyè depatman nan peyi a. Sa montre aklè pouvwa defakto Ariel Henry / PHTK, Core Gwoup ak siyatè akò 11 sektanm yo, detèmine pou kontinye antere peyi a.
Yon lòt fwa ankò, nou detèmine pou nou kontinye batay kont sistèm pezesouse a pou yon lòt endepandans. Nou detèmine pou n kontinye batay kont pouvwa defakto a, kont kidnapin, kont ensekirite, kont grangou, kont lavichè, kont rate gaz pwograme, kont dominasyon, kont krim sovaj k ap fèt sou pèp la tankou boule moun tou vivan, jan sa sot fèt sou 3 manm nan fanmi Desanclos. Se nan sans sa a, nou envite pèp la nan gwo sitin k ap fèt demen madi 23 dawout la douvan ministè komès. Nou mande pèp la rete sou mòd leve kanpe jouk nou rive libere peyi a.
Viv yon lòt endepandans !
Aba dominasyon ak represyon sou tout fòm !
Pòtoprens, 22 dawout 2022
Pou otantifikasyon :
Kebert BASTIEN
Guy NUMA
Iswick THEOPHIN