Pòtoprens, 12 dawout 2022 [AlterPresse]---Toujou gen plizyè kalte boulvès nan tan an, sou zile Karayib yo, finisman semenn sa am dapre dènye bilten espesyalis ayisyyen yo nan kondisyon tan an, ki vin jwenn ajans sou Entènèt AlterPrese.
Se yon sitiyasyon, k ap kontinye bay lapli, ki mache ak loray, nan finisman apremidi ak aswè, sou depatman Nòdès, Plato santral, Latibonit, Sidès, Sid, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Gen posiblite dlo rivyè, ki ka desann, nan moman lapli ak loray sa yo, dapre avètisman pwoteksyon sivil peyi d Ayiti.
Gen van, k ap soufle, sou depatman peyi d Ayiti yo, pandan jounen an.
Gen gwo solèy, sou pi fò depatman peyi d Ayiti yo, nan maten. Gen nyaj, epi tan an pral fèmen, nan apremidi ak aswè.
Nivo chalè a kontinye monte wo anpil, ni nan lajounen, ni nan aswè.
Soti nan nivo 36 degre Sèlsiyis, tanperati a pral desann, ant 26 pou al 22 degre Sèlsiyis, nan aswè.
Detan yo va evite rantre nan fon lanmè a, k ap move anpil anpil, kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe toujou pran prekosyon nesesè yo, bò tout kòt peyi d Ayiti yo.
Vag yo ap monte nan nivo 8 pye wotè, ni bò kòt Sid yo, ni bò kòt Nò peyi d Ayiti yo, ak 6 pye wotè bò kòt zile Lagonav yo, pa twò lwen Pòtoprens. [emb rc apr 12/08/2022 12:45]