Español English French Kwéyol

Ayiti-Medya/Kidnapping : Se nan katye difisil yo, kote jounalis Edner Décime te konn al ranmase enfòmasyon, endividi ak zam kenbe jounalis AlterPresse la, depi 17 jiyè 2022 a

Pòtoprens, 02 dawout 2022 [AlterPresse] --- Pandan lontan, Edner Décime, jounalis AlterPresse/AlterRadio a, t al ranmase enfòmasyon nan katye difisil, ki viwonnen kapital la, Pòtoprens, kote sitiyasyon an vin deteryore, jou an jou, chak ane, jis yo vin tounen baz gang ak zam yo.

Depi dimanch 17 jiyè 2022 a, lè yo kidnape l, sou Dèlma a, segonn yo long anpil pou kolaboratè nou an ansanm ak anpil lòt moun yo te kidnape yo. Pèsonn pa rive konnen si kidnapè yo lage pakèt lòt moun, yo te dappiyanp yo.

Sa gen 10 zan, Edner Décime te jenn repòtè, ansanm ak lòt kòlèg, ki t al fè repòtaj nan milye lamizè sa yo, kote moun yo pa resevwa okenn sèvis Leta, pami yo Matisan, Kafou, Rivyè fwad, Kafou Fèy, Kwadèboukè.

Men, se avèk anpil lanmou, anpil lide pou konprann jan moun ki rete nan zòn sa yo ap viv, jounalis Edner Décime t al chèche ranmase enfòmasyon, avèk kanè nòt li, aparèy pou anrejistre pawòl fanm ak gason li ta pral poze kesyon yo, plis aparèy foto/videyo pou pran imaj zòn yo. Edner Décime te fyè anpil kòm jounalis miltimedya, pou al chita pale ak moun nan zòn sa yo, yo mete sou kote yo, men sitou pou pèmèt fè tande vwa yo sou pwoblèm y ap viv yo, ki montre nan ki kondisyon yo ye, ki reyalite y ap sibi, ki jan Leta bandonnen yo, yon Leta ki montre prezans li nan imajinasyon sèlman.

Virewon sa yo, nan divès zòn difisil nan kapital la, te bay yon seri 25 emisyon, ki rele Lavi nan katye bò lakay, moun te tande sou estasyon prive Radyo Kiskeya ak Radyo Ibo, patnè Gwoup Medyaltènatif, ak tou sou espas entènèt AlterPresse.

Se nan lane 2014 nou te vini ak Lavi nan katye bò lakay, yon fason pou plede anfavè dwa kominikasyon jèn yo, sitou dwa kominikasyon fanm yo, ki rete nan zòn metwopoliten kapital la.

Nan jou sa yo, li ta bon pou koute ankò vwa jèn fanm ak gason sa yo, k ap pale de pwoblèm yo, k ap espoze kouman otorite yo pa ba yo regle anyen pou yo, pa fè okennn ka sou lavi yo, men ki t ap esplike tou inisyativ yo rive met kanpe pou fè fas kare ak divès difikilte, ki toujou ap malmennen yo. Jèn fanm ak gason yo, ki t ap pale nan emisyon Lavi nan katye bò lakay yo, te lonje dwèt sou jan katye bò lakay yo pa gen okenn estrikti Leta, sou jan katye bò lakay yo sal kou peny ti dan, sou jan pa genyen okenn estrikti lasante, sou jan delenkans lan ap layite, sou nivo pwostitisyon, sou fason jèn yo, ti fi kou ti gason, ap vann kò yo, ak pakèt move bagay k ap pase nan zòn sa yo. Emisyon Lavi nan katye bò lakay yo te pale tou de jefò jèn yo, fanm kou gason, pou rive òganize tèt yo, malgre Leta pa t pèmèt yo jwe wòl yo kòmsadwa, epitou jèn yo, fanm kou gason, te sitou pèmèt dekouvri talan ki lakay yo ak espwa yo genyen pou demen.

Ki yès, pami otorite yo, ki te pran tan pou koute sa k t ap di nan emisyon Lavi nan katye bò lakay yo? Wi, ki te pran tan pou koute vwa jèn sa yo, fanm kou gason, Edner Décime te bay tout atansyon nesesè, san wete ni mete, avèk lespwa travay enfòmasyon li an ta va ede, ta va pote kole nan kraze baboukèt la, ta va pèmèt wè danje yon boum peta, ki ka esploze nènpòt ki lè.

Petèt, sila yo, fanm kou gason, ki kenbe jodi a jounalis AlterPresse la nan men yo, te piti toujou. Kèk pami yo, se te, siman, timoun yo te ye, nan epòk la.

Leta ensousyan, ki rete fèmen bouch li sou zak kidnaping yo, pa t janm fè anyen, ayè. Leta ensousyan sa a parèt pa gen fòs pou fè fas kare ak zak kidnaping yo, tankou se ta yon sitiyasyon yo pa pa fè anyen kont li.

Lavi nan katye bò lakay, se tout bon yon seri emisyon, nou ta dwe pase ankò, nan moman sa yo, nan moman madoulè sa yo, kote kidnapè ak zam kenbe jounalis Edner Décime menm kote, li t al montre pasyon l kòm jèn repòtè.

Depi plis pase 2 semenn, endividi ak zam anpeche l viv lib e libè. Se anpil moun, ki nan soufrans, dèske Edner Décime pa bò kote yo, depi dat 17 jiyè 2022 a. Se fanmi Edner Décime, ki nan gwo lapenn, yon fanmi y ap ekzije peye gwo kout lajan. Se kolaboratris ak kolaboratè Edner Décime nan AlterPresse/AlterRadio.Se zanmi l nan kominote Hip Hop yo, Edner Décime te konn fè pwomosyon pou aktivite lakilti yo. Se tout kalte moun, k ap kontinye san pran souf tann Edner Décime retounen vin jwenn yo sen e sof. [apr 02/08/2022 09:00]