Español English French Kwéyol

Ayiti-Medya/kidnaping : 2 dawout 2022 a fè 17 jou, depi jounalis AlterPresse Edner Décime nan men ravisè

Pòtoprens, 2 dawout 2022 [AlterPresse]--- 2 dawout 2022 a fè 17 jou, depi jounalis AlterPresse Edner Fils Décime nan men kidnapè nan peyi d Ayiti, san otorite yo pa di ni fè anyen.

Li pa nòmal pou jounalis Edner Décime nan men bandi ak zam depi dimanch 17 jiyè 2022 a, san Lapolis pa fè anyen pou fè lage l ak plizyè lòt moun, yo kidnape depi plizyè jou, dapre òganis dwa moun Fondasyon je klere (Fjkl), ki denonse konplisite ant otorite yo ak bandi ak zam yo, k ap simaye laterè san gade dèyè.

Kidnaping, se yon zak ki maspinen libète moun genyen, pou fè sa l vle, dapre Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh), ki kritike Lapolis, ki pa fè anyen pou kwape pichon kidnaping yo.

Pa gen pyès sektè ki pa sibi zak kidnaping bandi ak zam. Sosyete a dwe kontinye goumen kont tout zak krimièl sa yo, ki lage dlo nan je lakay anpil fanmi nan peyi a. Se dizon komisyon legliz katolik women Jistis ak Lapè (Jilap).

Popilasyon an dwe kontinye fè presyon sou otorite yo, pou fè rive lage tout moun, ki anba men kidnapè ak zam, depi plizyè jou, dapre Kolektif 4 desanm 2013 la. [apr 02/08/2022 09:55]