Pòtoprens, 29 jiyè 2022 [AlterPresse] --- Jounalis Edner Décime, bandi ak zam kidnape, dimanch 17 jiyè 2022 a, pami anpil moun yo dappiyanp sou yon sèl jou, se yon moun ki rich nan angajman li pran anfavè pwogrè peyi d Ayiti.
Jounalis Edner Décime pa gen lajan. Menm jan ak platfòm medya li ladan an, li pa gen fòtin.
Chak jou, k ap pase, montre nan ki nivo yon seri moun pa vle pran angajman nan sosyete nou an k ap depafini. Men, atik kolaboratè n Edner Décime, nan AlterPresse, bay lide sou nivo angajman l anfavè pwogrè peyi d Ayiti. Se nan lane 2011, li koumanse metye jounalis la nan AlterPresse, anvan menm li te fini etid kominikasyon sosyal ak jounalis nan fakilte syans moun, nan Inivèsite Leta d Ayiti a.
Angajman Edner Décime nan jounalis la pa gen pri. Se yon richès li pataje, ni nan metye jounalis la, ni nan tout nivo nan sosyete a.
Jounalis Edner Décime montre nivo angajman ak sansiblite konsekan pou peyi l, nan divès tèks li ekri sou lakilti, sou sitiyasyon sosyete a, sou reyalite ekonomi fondamantal yo, pou fè soyete a vanse tout bon.
Se pa yon angajman ki gen anyen pou wè ak paspouki, tankou platfòm AlterPresse/AlterRadio montre li pa nan konpòtman patizan nan liy editoryal li yo
Nou viv angajman nou sot pale a lakay kolèg nou an, kidnapè ak zam kenbe depi 2 semenn. Kòlèg nou an montre jan l onèt, ak serye li genyen nan metye jounalis la, nan respekte distans kritik li pran nan travay chèche ak bay enfòmasyon yo, men tou nan fason li montre li konnen reyalite yo nan tout nivo sosyete a.
Se nan fouye nèt alkole reyalite peyi d Ayiti yo, nan tout nivo, lè l deplase al rankontre ak chita pale ak fanm kou gason, nan tout branch aktivite nan sosyete a, kolaboratè nou an rive jwenn zouti nesesè, pou l konprann tou sa k ap pase nan sosyete nou an.
Jisteman, lè nou fè yon bak alaryè, detan n ap tann kolaboratè nou an Edner Dècime retounen vin jwennn nou sen e sof, nou vle ensiste sou yon aspè enpòtan nan travay li, ki se jan l renmen fouye kesyon sosyal yo ak lakilti yo.
Se poutèt sa, nou reprann, sou AlterPresse, plizyè nan tèks li te ekri yo.
Finisman mwa jiyè 2022 a, sa fè 2 semenn soufrans, akoz kidnaping bandi ak zam fè sou kolaboratè nou an, Edner Décime, fanmi l, kòlèg li yo ak zanmi l yo ap tann retounen vin jwenn yo, ak gwo kè sere. [apr 29/07/2022 07:00]