Pòtoprens, 28 jiyè 2022 [AlterPresse] --- Jounalis AlterPresse Edner Décime, bandi ak zam kidnape dimanch 17 jiyè 2022 a, pami anpil lòt moun yo dappiyanp nan yon sèl jounen, pa gen lajan.
Se menm sitiyasyon an pou platfòm medya, li ladan l lan, ki pa gen lajan, non plis.
Men, jounalis Edner Décime gen nan men l yon byen ki gen plis valè, ki pa makònen ak lajan. Se bon jan konesans li genyen sou peyi d Ayiti, peyi l. Se nan mache chèche, deplase sou teren an, al rankontre ak chita pale ak anpil fanm ak gason, nan divès kalte sektè, nan vil yo kou nan seksyon kominal yo, li rive trape konesans sa yo.
Edner Décime se yon jounalis ak yon kominikatè sosyal. Se sa k mennen l, se sa k fè l enterese anpil nan reyalite peyi d Ayiti yo, nan sa k ap pase nan peyi sa a, li renmen anpil ak kwè ladan l, malgre tout bagay, yon peyi li envite tout moun renmen.
Pi plis pase lajan y ap mande l la, pi plis pase lajan li pa genyen an, jounalis Edner Décime deja bay anpil nan peyi d Ayiti. Se anpil moun, fanm ak gason, nan peyi d Ayiti ak aletranje, ki jwenn anpil, nan enfòmasyon jounalis Edner Dècime bay yo. Yon seri enfòmasyon, li toujou pran swen ranmase, travay yo ak rann yo bay piblik la nan madoulè.
Pi plis pase lajan y ap mande l la, pi plis pase lajan li pa genyen an, jounalis Edner Décime pote kole, tout tan, sou yon fòm oubyen sou yon lòt, nan bay, ak anpil responsablite, enfòmasyon itil nan divès kalte aktivite. Ki jan l fè sa? Se nan pale ak tout kalte moun yo, fanm kou gason, sila yo bay pot non malere yo, jèn yo, granmoun 2 zaj yo. Se nan koute yo, nan gade sa k ap pase yo, nan gaye enfòmasyon yo, nan esplike reyalite yo.
Se sa jounalis Edner Décime te bay tèt li kòm travay, anvan menm li te fin fè etid li yo nan fakilte syans moun Inivèsite Leta d Ayiti a, lè li te deside antre nan metye jounalis la. Yon metye, ki pa mennen ditou nan fè fòtin, men ki pito pèmèt trape bon kalte richès, ki se konesans yo, ki dwe al jwenn sosyete a alawonnbadè.
Lè nou fè yon bak alaryè, pou n gade sa k te fèt, an atandan kolaboratè nou an Edner Décime retounen vin jwenn nou sen e sof, n al fouye travay jounalis Edner Décime te fè yo, ki chaje ak divès kalte sijè, li te manyen ak serye, nan fouye nètalkole, nan founi je l gade san rete, tankou moun ti landeng, ki pa janm satisfè nan fouye je pi fon nan reyalite yo.
Se konsa, nou fè yon premye seleksyon, pami atik jounais Edner Décime te ekri nan AlterPresse, kote l te koumanse fè estaj jounalis, nan lane 2011, anvan l te vin gen kat laprès li kòmsadwa.
Jedi 28 jiyè 2022 a, sa fè douzyèm jou soufrans, n ap sibi, akoz zak kidnaping bandi ak zam fè sou kolaboratè nou an, Edner Décime, fanmi l, kòlèg li yo, zanmi l yo, ap tann retounen vin jwenn yo ak gwo kè sere. [apr 27/07/2022 11:00]