Español English French Kwéyol

Ayiti-Medya/Kidnapping : Lage jounalis Edner Décime!

Pòtoprens, 27 jiyè 2022 [AlterPresse] --- Ekip AltèPrès la toujou sou chòk, kidnaping, depi dimanch 17 jiyè 2022 a, youn nan manm li yo, jounalis Edner Décime, pami anpil moun gang ak zam kidnape sou yon sèl jou.

Menm jan ak AlterRadio, ajans AterPresse pa ka travay kòmsadwa, depi dat 17 jiyè 2022 a. Nan sikontans gwo doulè n ap viv la, nou pa kapab kontinye bay enfòmasyon, jan nou konn fè chak jou yo.

Mèkredi 27 jiyè 2022 a, sa fè onzyèm jou soufrans, n ap sibi, akoz kidnaping gang ak zam fè sou kolaboratè nou an, fanmi l, kòlèg li yo, zanmi l yo, ap tann, ak anpil kè sote, retounen lakay li, san bri san kont.

Se pandan kolaboratè nou an te anndan yon machin, ap tann, nan yon liy, pou l fè gaz, douvan estasyon distribisyon, sou Dèlma a, bandi ak zam parèt, fòse l desann machin nan, epi pati avè l, nan yon machin ki t ap sèvi ak sirèn lapolis.

Chak jou, pi plis, nan peyi d Ayiti, ni fanm ni gason pa konn ki pòt pou yo frape, ki sa pou yo fè, douvan klima laterè ak vyolans ak zam, k ap frape, san gade dèyè, fanmi yo, ki nan gwo doulè, detan sosyete a ap depafini, ap plonje pi rèd nan yon tou san fon.

Ant mwa janvye pou rive mwa jen 2022 a, Òganizasyon nasyon zini konte 934 ka moun yo asasinen, 684 ka moun ki blese ak 680 ka moun, bandi ak zam kidnape nan zòn metwopoliten kapital la, Pòtoprens.

Detan peyi d Ayiti ap sibi zak kidnaping, kò sasinay ak masak sa yo, divès kote, zam pa sispann chante, depi plizyè jou, sou Belè, yon katye ki pa twò lwen Channmas, pi gwo plas piblik ki nan kapital la.

Klima laterè a blayi tou nan plizyè vil povens.

Se yon sitiyasyon madoulè k ap layite nètalkole.

Malgre sitiyasyon madoulè sa a, ansanm ak fanmi kolaboratè nou an, AlterPresse, menm jan ak AlterRadio, ap tann jounalis Edner Décime retounen vin jwenn nou «sen et sof». [apr 27/07/2022 05:00]