Español English French Kwéyol

Ayiti-Klima laterè : Bandi ak zam pran kontwòl baraj Kano, depatman Latibonit, depi lannuit 8 pou antre 9 jiyè 2022 a

Vèrèt (Latibonit/Ayiti), 10 jiyè 2022 [AlterPresse] --- Yon lòt senbòl ankò peyi d Ayiti vin sou kontwòl gang ak zam, san lapolis pa fè anyen pou kwape yo, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans AlterPresse.

Lannuit vandredi 8 ak samdi 9 jiyè 2022, gang ak zam atake epi pran kontwòl baraj Kano, ki pèmèt distribye dlo nan Vale Latibonit, depi plizyè lane.

Bandi ak zam yo bloke kannal dlo, ki nan riv gòch la ak nan riv dwat la, ki pèmèt dlo ale nan plizyè zon, tankou Liancourt ak Deschapelles, san konte lòt zòn ki viwonnen li yo, dapre enfòmasyon ki disponib yo.

Se nan twazyèm seksyon kominal Ti Rivyè Latibonit, baraj Kano a ye.

Sistèm dlo sa a pèmèt jaden wouze nan Vale Latibonit lan, pou fè manje, tankou diri, berejèn, pwa elatriye.

Zak kriminèl sa a kapab gen gwo konsekans sou rekòt yo nan Vale Latibonit la, dapre enjenyè agwonòm Jean André Victor, yon espesyalis anviwónman, ki t ap pale ak AlterPresse/AlterRadio.

Se yon sitiyasyon, ki ka lakoz Vale Latibonit la sibi gwo domaj. Ni plantè yo, ni Leta peyi d Ayiti kapab pèdi anpil.

Otorite yo dwe aji prese prese pou reprann kontwòl baraj Kano a, ki nam men bandi ak zam yo.

Gen danje pou sèvo elektwonik baraj Kano a ta sibi. Li posib pou ta gen move mannèv, nan moman y ap eseye reprann kontwòl baraj Kano a, dapre enjenyè agwonòn Jean André Victor.

Se yon sitiyasyon ki ka anpeche yo remete dlo andedan baraj Kano a, ki kapab kraze tout sistèm kannal dlo, nan tout Vale Latibonit la.

Se avètisman enjenyè agwonòm Jean André Victor, bay.

Jean André Victor te dirije, sa gen plizyè lane, Òganis devlopman vale Latibonit la (Odva).

Gen anpil moun, k ap poze kesyon pou mande èske zak kriminèl bandi ak zam yo nan Latibonit la pa antre nan yon plan, pou trangle popilasyon an pi plis toujou, nan anpeche pwodui lokal, tankou diri Latibonit, kontinye soti nan jaden peyi d Ayiti, nan benefis pwodui etranje, ki sot lòt bò.

Se ta yon fason pou fè vant peyi d Ayiti vin plis nan men peyi etranje, dapre divès espesyalis.

Depi plizyè lane, gang ak zam nan Latibonit atake ak dechèpiye anpil machiin machandiz, k ap travèse depatman Latibonit la.

Gen manm gang ak zam yo ki rekonèt, sou rezo sosyal yo, se depite, ki te ba yo zam, lè yo te reprezante komin nan Latibonit la.

Se zam sa yo gang ak zam yo di y ap sèvi avè yo pou simen laterè nan depatman Latibont la, tankou nan zòn Savyen, sou Ti Rivyè Latibonit.

Malgre li parèt te gen yon ti kalmi, gang ak zam Savyen yo, nan depatman Latibonit, pa t janm met zam yo atè, dapre temwayay ki vin jwenn AlterPresse/AlterRadio. [jep rc apr 10/07/2022 16:00]