Soti nan Coalition haïtienne au Canada contre la dictature en Haïti (Chcdh) ak Initiative citoyenne de New York
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 25 jen 2022
N AP POTE SOLIDARITE AK SITWAYEN EPI FANMI KI VIKTIM KIDNAPING AK VYOLANS ANN AYITI
Kounye a, gang yo fè yon pa anplis nan derespekte dwa moun nan peyi a, yo antre andedan kay pou kidnape moun. Yo derespekte enstitisyon, yo kidnape Palè Jistis. Gang yo kontwole prèske tout zòn. Vyolans blayi sou plizyè katye nan Pòtoprens tankou nan pwovens.
Kidnaping tounen yon gwo biznis pou bandi yo ak tout moun ki nan konkòday ak yo. Òganizasyon, ki okipe zafè defans dwa moum ann Ayiti, rapòte vyolans gaye plis ane sa a.
Pandan 3 premye mwa ane 2022 a, nou anrejistre pase 480 moun ki tonbe anba bal.
Kote Leta ye nan tout sitiyasyon makab sa a?
Pèp ayisyen di yo bouke ak kidnaping, vyòl, ensekirite. Pèp ayisyen an ap manifeste tanzantan pou reklame dwa-li.
Nan jounal ak nan radyo/televizyon, li fè jefò pou prezante revandikasyon-li. Leta fè tankou li pa tande. Tribinal pa ka travay. Lajistis absan. Mwa Jen an fè yon lane depi gang yo fè Matisan tounen yon zòn, kote moun pa ka viv.
Sitwayen k ap viv nan Lwès pè vwayaje al nan Sid. Menm fenomèn sa a pase nan “Croix des Bouquets” ak gang 400 Mawozo.
Antretan, Premye minis defakto a ap vwayaje adwat/agòch, mache fè diskou toupatou, ki pa chita sou anyen, Ki pa gen okenn rapò ak bezwen peyi a. Sitiyasyon politik ak ekonomik peyi ap vin pi malouk, chak jou.
Daprè kèk sikològ, ensekirite a lakòz maladi yo rele : « Insomnie ». Òganizasyon « UNICEF » rapòte : « soti mwa avril 2022 a pou rive jodia, gen 55 mil timoun konsa ki pa retounen lekòl ». Met sou tou sa, pa gen manje ak travay. Konsa, anpil ayisyen, fanm kou gason ap chache yon demen miyò. Y ap kite peyi a, malgre yo jwenn difikilte lòt bò dlo. Anpil ayisyen ap bouske Leta a tribò-babò, yo pa ka jwenn li.
Antretan, anpil fanmi ap soufri.
Nou aprann bandi yo te antre andedan lakay Arnold Antonin jou ki te 7 jen 2022 a, ak zàm lou. Yo te mare Arnold ak yon lòt dàm ki te la, epi yo kidnape Beatriz. Beatriz se madan Arnold Antonin ki se ekriven, pwofesè ekonomi nan Inivèsite. Li reyalize plizyè fim ak dokimantè pou sèvi peyi li. Kidnaping sa a te ba nou sezisman ak lapenn. Nou konnen koze kidnaping nan konn pote lanmò nan plizyè fanmi. Kan nou tande Beatriz libere jou ki te jedi 9 jen 2022 a, nou santi soulajman. N ap di Beatriz ak Arnold pran kouraj. Nou konnen, tankou tout lòt viktim, y ap pote mak kidnaping nan lontan. Yo mèt konte sou solidarite nou nan Dyaspora a.
Kouman pou n soti nan enpas sila a?
Depi kèk tan, anpil patriyòt, fanm kou gason, ann Ayiti ak aletranje, ap mache rankontre, ap reflechi, ap diskite ansanm, ap bouske laverite sou sa k ap pase nan peyi Jean Jacques Acaau nou an. Pandan tan sa a, anpil ayisyen koumanse vin wè pi klè, koumanse vin pran konsyans. Yo refize bay Ayiti do. Y ap chèche, y ap feraye pou yo ka jwenn solisyon, ki nan avantaj pèp la, ki nan gou peyi a. Se nan kontèks sa a, plizyè òganizasyon popilè, bonkou asosyasyon nan sosyete sivil la ak patriyòt vanyan, anndan kou aletranje, pran pozisyon bò kote Akò Montana a.
Akò Montana a, apre plizyè diskisyon ak deba, plizyè negosyasyon ak konsensis oswa tèt ansanm, rive pwopoze solisyon pou sove peyi a, pou anpeche l tonbe nan tchouboum. Akò Montana a pwopoze pou nou tout rasanble, pou n ka mete yon gouvènman tranzisyon, pou 2 lane, k ap koupe fache, san gade dèyè, ak: 1) tout politik Peze Souse; 2) tout eleksyon Pote Boure; 3) Tout enjerans nan zafè peyi a; 4) Tout vyolans, tout ensekirite gang yo, bandi yo, ap simaye nan tout peyi a; 5) tout zak koripsyon, kidnaping, malfezans, enpinite ak enjistis, ki gaye nan tout Ayiti a, ak absans Leta.
Akò Montana a mete nan pwogram li tou : 1) nesesite pou dwa tout moun respekte nan peyi a; 2) tout fòs politik yo dwe pare pou òganize Konferans Nasyonal, kote avni peyi a ap diskite nan tout domèn; 3) fòk nouvo dirijan yo pare pou chita koze ak tout peyi etranje oswa tout moun ki vle kolabore, kopere ak Ayiti onètman, san pale met la.
Pou fini, n ap di : pandan n ap voye mo solidarite a bay Arnold Antonin ak Beatriz, n ap lonje men nou tou bay tout moun ki viktim anndan peyi a, akoz ensekirite, kidnaping, vyòl ak tout lòt fòm vyolans nan peyi a.
N ap mande tout Ayisyen, ak Ayisyèn, anndan kou deyò, mobilize, rete veyatif sou kalte solisyon Ayiti bezwen, pou l soti nan fè nwa, pou l leve kanpe sou 2 pye militè l. Konsa li ka vin yon Eta Souvren.
Ernest Banatte : New York
Robert Berrouët-Oriol, Linguiste-terminologue : Montrėal
Frantz Bertrand : Philadelphie
Michelle Daniel : New York
Hudes Desrameaux : Miami
Olga Fėlix : Miami
Dr. Daniel Henrys : New York
Daniel Huttinot : New York
Jean Claude Icart : Montrėal
Chantal Ismė : Montrėal
Julien Jumelle : New York
Roger Leduc : New York
Lionel Legros : New York
François Marie-Michel : Miami
Sylvie Michel : Miami
Michèle Montas : New York
Marquez Osson : New York
Alain Saint-Victor : Montrėal
Abel Simon Zéphyr : Miami