Pozisyon Gwoup Refleksyon FPSPA (GR-FPSPA), nan dat premye jen 2022, sou seri atik Jounal New York Times yo
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 2 jen 2022
Jounal New York Times (Nouyòk Tay) rann Ayisyen yon gwo sèvis lè li pran respon¬sablite pibliye yon seri atik ki esplike pou ki rezon Ayiti pòv konsa. Jounal la prèske pa di anyen ki pa t deja nan liv istoryen ayisyen kou etranje te deja di. Men, paske Jounal la sanble tout enfòmasyon sa yo ansanm, paske li pote yo bay gran piblik la pou tout moun ka konnen, paske jounal la demaske ipokrizi nan koze demokrasi ak respè Dwa Moun sèten peyi tankou Lafrans ak Etazini pretann y ap defann, inisyativ Jounal New York Times pran yon dimansyon imanis.
Seri atik sa yo se atik ki pou pèmèt kèlkeswa pèp la konprann nan ki kamizòl soufrans ak demounizasyon sèten pisans kolonyalis fèmen yon pati moun nan limanite. Si lajan ka repare tò materyèl desandan viktim yo te sibi, lajan p ap jan ka repare dega sistèm esklavajis kolonyalis rasis la fè nan fon nanm viktim yo. Konba pou viktim yo rekipire tout diyite moun yo, konba pou viktim yo konstwi pwòp desten emansipasyon yo p ap ka fèt si yo pa kesyonnen ipokrizi ideyoloji demokrasi ak dwa moun peyi tankou Lafrans ak Lèzetazini ap vann pou yo toupizi pèp ki san defans. Konba pou nou menm Pèp Ayisyen konstwi pwòp kanal epanouyisman nou p ap ka fèt si nou pa kare valè fondamantal zansèt nou yo anfas ideyoloji sipremasis rasis anti moun k ap dominen nan gwo peyi oksidantal yo. Piblikasyon atik New York Times (Nouyòk Tay) ofri nou menm Ayisyen yon lòt opòtinite pou nou sonje valè fondamantal ki bay 1791 ak 1804 yo. Valè fondamantal sa yo chita nan yon prensip ki di : “Tout moun se moun, nanpwen moun pase moun” . Ki filozofi lavi, ki aspirasyon imanis, ki itopi demen miyò ki ka ale pi lwen pase pawòl sa yo zansèt nou yo t ap repete pou yo fè 1791 ak 1804 ?
Jounen jodi a, anpil Ayisyen, anpil etranje ap swete pou Lafrans ak Lèzetazini repare tò yo fè peyi a. Men, moun sa yo bliye si modèl “Ranson pou Lendepandans” la toujou ap dechalbore peyi a avèk plis mepri pou moun, plis vyolans kont aspirasyon pifò Ayisyen yo pou yo viv nan yon peyi ki koresponn avèk aspirasyon yo pou libète, pou byennèt ak epanouyisman pou tout moun. Si an 1825 te gen yon gouvènman antinasyonal ki te asepte krache sou batay zansèt yo, an kachèt, jounen jodi a, sitiyasyon an pi grav akoz kantite antinasyonal ki mete yo nan liy pou y al sèvi enterè gwo peyi ki vle detwi peyi a.
Si sistèm dominasyon ki t ap prije peyi a nan 19e syèk la te pran fòm yon bank “Crédit Industriel et Commercial (CIC)”, jounen jodi a, modèl la pran fòm yon sendika anbasad yo rele Core Group (Kògwoup) ki gen yon sèl misyon. Ki misyon ? Detwi peyi a ak tout moun ki ladan l. Kògwoup la yo se yon bann diplomat etranje k ap egzekite yon plan san yo pa bezwen reflechi sou konsekans zak yo ap gen sou nou menm moun k ap viv nan peyi a. Men, Kògwoup la p ap ka detwi peyi a si li pa t jwenn politisyen ki dispoze ede yo.
Jounen jodi a, anpil Ayisyen ap dekouvri nan ki angrenaj malè peyi a te pran depi 1825, men angrenaj la toujou la, rasis yo jis mete pi bon pyès nan machin destriksyon an. Se rezon sa yo ki fè GR-FPSPA ap poze kesyon sa yo :
i. Èske Ayisyen pa dwe estomake devan jan BINUH ak Etazini fè peyi a tounen yon savann san lwa san prensip ? Sa Ayisyen ap viv depi nan eleksyon 2010-2011 yo, se tankou Konstitisyon ak lwa peyi a ta san valè pou Kominote Entènasyonal la. Nasyonzini pa dispoze respekte Konstitisyon 1987 peyi a. Konstitisyon peyi a di ki jan pou yo chanje konstitisyon an, atik 134.2, 134.3, atik ... Konstitisyon peyi a ak lwa elektoral peyi a di ki dat manda prezidan an fini. Men, se tankou tèks lwa sa yo pa gen okenn valè pou dominatè yo.
ii. Èske Ayisyen pa dwe estomake devan jan BINUH ap prepare deblozay nan peyi a nan kreye fo òganizasyon popetwèl pou y al kare devan òganizasyon k ap reziste yo ? Nan lane 2019-2020 yo BINUH kreye yon seri òganizasyon fanm ak òganizasyon jèn plis òganizasyon bidon yo jwenn nan dyaspora a pou yo te ka fè eleksyon ki ale nan sans enterè yo nan peyi a. Èske se pa menm lojik “Ranson Lendepandans” la k ap gide aksyon dominatè yo ?
iii. Èske Ayisyen pa dwe estomake pou jan Sekretè jeneral Nasyonzini an te bat bravo pou kò gang kriminèl BINUH federe anndan G9 nan peyi a? Èske miltiplikasyon gang nan tout peyi a se pa yon mannèv pou Nasyonzini jwenn moun ki pou vote sa yo vle nan eleksyon fo mamit san patisipasyon pèp la ?
iv. Èske Ayisyen pa ta dwe estomake lè yo dekouvri pwojè konstitisyon BINUH t ap taye pou peyi a se yon boulva pou vòlò ak kowonpi ? Men sa ki te nan tèt Kògwoup la nan Atik 139 la: Yo pa ka rele Chèf Leta a devan Lajistis pou zak ki gen rapò ak fonksyon li kòm Prezidan Larepiblik, menm si se ta apre fen manda li. Pandan sitwayen konsekan yo ap chache konnen kouman pou yo desitire koripsyon nan peyi a, BINUH taye yon konstitisyon ki pou pwoteje prezidan ak minis k ap fè wout kwochi ak lajan Leta nan peyi a.
v. Èske Ayisyen pa ta dwe estomake lè yo konstate nouvo Kòd Penal la se yon kòd penal yo fè pou yo ka lage gwo vòlò ak gwo kriminèl ? Men sa ki te deja figire nan: Atik 221 Nouvo Kòd Penal la : Lalwa bay Prezidan an dwa pou li fè amnisti ... Atik 222.- ... Amnisti a kase kèlkèswa pouswit kont moun ki enkilpe yo, kont prevni oswa akize yo; amnisti a valab menm pou moun Lajistis kondane dèyè do. Nou ka tou analize Nouvo Kòd Penal la nan boulva li kreye pou kadejakè ak predatè seksyèl ka toujou jwenn jwen pou yo sòti lè yo fin fè krim sou ti minè.
Menm jan peyi kolonyalis yo te fè yon fwon komen kont Ayiti an 1804, jounen jodi a anbasad peyi sa yo kreye yon sendika yo rele Kògwoup pou yo jouke peyi a pi rèd anba dominasyon. An 1825, Bwaye ak ekip anti nasyonal li yo te bay pèp la yon kout ponya nan do. Jounen jodi a, batay kont lènmi nou yo pi malouk paske yo wè nou deside fòk nou bay peyi nou yon lòt direksyon. Tank n ap afime volonte endepandans nou se tank Kògwoup la ap vin pi vyolan ak gang kriminèl yo. Konsa, Nou gen obligasyon pou nou radikalize volonte endepandans nou devan detèminasyon Kògwoup la pou li kenbe peyi a anba dominasyon.
Batay kont Kògwoup la se premye pa pou Ayiti jwenn REPARASYON
Pou otantifikasyon GR-FPSPA
Pierre Michel Chéry