Pòtoprens, 24 avri 2022 [AlterPresse] --- Moun Laplenn, nan nòdès ak nan nò Pòtoprens, reveye ak bri kout zam, ki t ap chante, byen bone dimanch maten 24 avril 2022 a, dapre temwayaj ki vin jwenn ajans sou Entènèt AlterPresse.
Sanble se ta gang ak zam 400 Mawozo ki t ap eseye atake lòt gang ak zam, yo rele chen mechan, dapre premye eleman enfòmasyon yo.
Sitiyasyon sa a te lakoz aktivite yo te bloke tout jounen dimanch 24 avril 2022 a, nan komin Taba, nan zòn Santo, kafou Shada, Kwadèmisyon ak Bon Repo.
Lari yo te vid divès kote.
Gen legliz, ki te rive, kanmenm, fè sèvis lapriyè yo, malgre klima kè sote sa a.
Men, pi fò moun, ki rete nan zòn sa yo, te blije ret lakay yo, evite soti, douvan son gwo kout zam sa yo, ki t ap chante.
Li te difisil tou pou ti machann al espoze machanddiz ak manje yo gen pou vann, nan mache piblik, ki genyen nan zòn sa yo.
Tansyon an te wo anpil.
Se depi 4 trè di maten, dimanch 24 avril 2022 a, gang ak zam 400 Mawozo a, k ap opere nan Kwadèboukè, t al esye fè va sou gang ak zam yo rele Chen mechan an, ki tabli nan Kwadèmisyon.
Lapolis pa di anyen sou sitiyasyon lapèrèz gang ak zam sa yo vin lakoz nan Laplenn, nan nòdès ak nan nò Pòtoprens, dimanch 24 avril 2022 a.
Anpil kesyon ap poze sou ki sa k pral pase, nan rès semenn finisman mwa avril 2022 a, ak degennn gang ak zam sa yo, k ap eseye pran kontwòl anpil kote, batay ak zam pou teritwa, san lapolis poko janm fè anyen tout bon pou kwape zak kriminèl sa yo. [jep rc apr 24/04/2022 17:00]