Español English French Kwéyol

Ayiti-Anviwónman : Danje inondasyon bridsoukou sou 3 depatman peyi d Ayiti yo, dapre espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an

Yon atik Ronald Colbert

Pòtoprens, 18 avril 2022 [AlterPresse] --- Madi 19 ak mèkredi 20 avril 2022 a, gen danje inondasyon, dlo k ap desann bridsoukou, nan finisman jounen an ak aswè, sou depatman Nòdès, Latibonit ak Nòdwès, dapre espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an, nan yon bilten ajans AlterPresse li.

Toujou gen imidite ak lòt kalte boulvès nan tan an, sou gwo zile Karayib yo, jodi a.

Se yon sitiyasyon, k ap kontinye bay bon jan aktivite lapli, ki mache ak loray, nan fninisman apremidi ak aswè, jis rive mèkredi 20 avril 2022 a, sou depatman Nò, Latibonit, Nòdwès, Sidès, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Zile Lagonav, ki nan depatman Lwès la, ap resevwa tou lapli, ki mache ak loray.

Tankou sa ye, depi plizyè semenn, toujou gen gwo kout van, k ap soufle, sou depatman peyi d Ayiti yo, pandan jounen an.

Gen nyaj, depi nan maten. Epi, tan an pral fèmen, nan finisman apremidi ak aswè.

Soti nan nivo 34 degre Sèlsiyis, tanperati a pral desann, ant 24 pou al 20 degre Sèlsiyis, nan aswè.

Kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe evite rantre nan fon lanmè a, k ap move anpil anpil, bò tout kòt peyi d Ayiti yo.

Vag yo ap monte nan nivo 8 pye wotè bò kòt Sid yo ak 6 pye wotè bò kòt Nò peyi d Ayiti yo. [rc apr 18/04/2022 11:00]