Pòtop., 12 jiyè 05 [AlterPresse] --- Lakomin Grangwav, nan sid peyi a, anonse yo jwenn plis pase 20 kadav apre siklòn Dennis fin pase nan zòn sid peyi a 6 ak 7 jiyè pase.
Nan yon entèvyou ak radyo prive Vision 2000, majistra Paul Evens fè konnen li te blije pran desizyon fè antere kadav yo prese prese poutèt yo te fin gate. Li di tou, genyen nan kadav yo ki te san tèt.
Pifò nan moun ki mouri nan Grangwav yo, viktim lè yon pon kraze azòz gwo inondasyon ki te genyen.
Yon lòt bò gen 4 mò nan Sidès ak 2 lòt Okay, prensipal vil nan Sid peyi a. Nan komin. Poto ak Lè Zanglè lanmè a anvayi kay yo.
Anvan sa, Biwo Pwoteksyon Sivil te anonse te gen 25 moun ki mouri, 16 lòt disparèt ak 22 lòt ki blese, dapre yon bilan annatandan.
Otorite yo te deklare gen 15000 moun ki sinistre, 609 kay kraze ak 1032 ki sibi domaj.
11 jiyè, yon bilan te bay 11 moun ki mouri, 3 disparèt ak 102 kay ki kraze.
Nan zòn Sidwèst peyi a, gen 10 mò ak 5 moun ki disparèt. Nan zòn sa a tou gen plis pase 1500 fanmiy ki viktim, 400 kay ki kraze ak 800 lòt ki sibi domaj.
Komin Bomon, nan zòn Sidwès la, pa gen komikasyon ak lòt kote, akòz degrenngolay tè ak gwo dlo ki bloke zòn sa a. [jj gp apr 12/07/2005 16.40]