Español English French Kwéyol

Posiblite lapli sou laplipa depatman peyi d Ayiti yo, avèk danje inondasyon bridsoukou nan Nò ak Grandans

Pòtoprens, 3 fevriye 2022 [AlterPresse] ---Gen yon boulvès nan tan an, nan Nò peyi d Ayiti, jodi a, dapre sa AlterPresse li nan dènye bilten meteyo peyi d Ayiti a, yo rele Uhm.

Se yon sitiyasyon, ki pral bay aktivite lapli, pandan jounen an, sou depatman Nòdès, Nò ak Nòdwès, ak, nan finisman apremidi ak aswè, sou depatman Sidès, Sid, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Gen danje inondasyon, dlo ki va desann bridsoukou, sou depatman Nò ak Grandans, dapre espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an.

Gen solèy ak van, pandan jounen an. Gen nyaj, anpil kote, espesyalman sou zò Nò yo, nan maten. Tan an pral mare, nan apremidi ak aswè.

Soti nan nivo 34 degre Sèlsiyis, tanperati a pral desann, ant 24 pou al 20 degre Sèlsiyis, nan aswè.

Atansyon. Lanmè a move anpil anpil, bò tout kòt peyi d Ayiti yo.

Se pou sa, kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe pran prekosyon nesesè yo, bò tout kòt peyi d Ayiti yo.

Vag yo ap monte nan nivo 11 pye wotè bò kòt Nò yo ak 7 pye wotè, ni bò kòt Sid yo, ni bò kòt zile Lagonav yo, pa twò lwen Pòtoprens. [rc apr 03/02/2022 13:20]