Español English French Kwéyol

Anviwonman : Gen yon mas lè frèt, k ap bay lapli, ak posiblite inondasyon, sou plizyè depatman peyi d Ayiti yo

Pòtoprens, 30 janvye 2022 [AlterPresse] --- Gen yon mas lè frèt, ki soti Nikaragwa, k ap travèse zile Ayiti a. Mas lè frèt sa a gen enfliyans sou kondisyon tan an, nan zile Karayib yo, koumasman semenn sa a.

Se yon sitiyasyon, k ap bay lapli, pandan jounen an, nan aswè ak lannuit lan, sou laplipa depatman peyi d Ayiti yo, dapre sa AlterPresse li nan dènye bilten espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an.

Gen posiblite inondasyon, dlo k ap desann bridsoukou, sou zòn Nò, Plato santral ak Grandans yo, dapre espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an.

Jisteman, lapli, ki koumanse tonbe, depi 3 zè di maten, dimanch 30 janvye 2022 a, lakoz gwo inondasyon nan komin Baradè, depatman Nip peyi d Ayiti. Gen malè ki pandye sou lavi anpil moun, ki rete toupre rivyè ki debòde, nan Baradè, dapre temwayaj AlterPresse/AlterRadio ranmase.

Detan lapli a ka tonbe tanzantan, ap gen solèy ak van, pandan jounen an.

Gen nyaj, divès kote, espesyalman sou zòn Nò ak Grandans yo, nan maten. Gen kote, tan an pral mare, pandan jounen an ak nan aswè.

Soti nan nivo 33 degre Sèlsiyis, tanperati a pral desann ant 24 pou al 20 degre Sèlsiyis, nan aswè.

Kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe pran prekosyon sou lanmè a, k ap move anpil, bò tout kòt peyi d Ayiti yo.

Vag yo ap monte nan nivo 8 pye wotè bò kòt Nò yo, 7 pye wotè bò kòt Sid yo ak 5 pye wotè bò kòt zile Lagonav yo, pa twò lwen Pòtoprens. [rc apr 30/01/2022 13:00]