Español English French Kwéyol

Kèk jou anvan 12 zyèm lane, depi gwo tranbleman tè madi 12 janvye 2010 lan

Anviwoman : Pandan 4 jou, tè a tranble 10 fwa, nan nivo 3, nan peyi d Ayiti

Pòtoprens, 09 janvye 2022 [AlterPresse] --- Sèlman kèk jou anvan 12 zyèm lane, depi gwo tranbleman tè madi 12 janvye 2010 lan, tè a tranble 10 fwa, nan nivo 3, nan peyi d Ayiti, ant jedi 6 janvye pou rive dimanch 9 janvye 2022 a, dapre sa AlterPresse li sou soukous Volcano Discovery anrejistre.

Pi fò soukous sa yo pase nan depatman Nip, sitou nan zòn Baradè, ki te sibi anpil soukous pandan lane 2021 an.

Depi tranbleman tè samdi 14 dawout 2021 an, tè a tranble prèske san rete, nan depatman Nip la, dapre temwayay AlterPresse jwenn nan men moun Baradè.

Tranbleman tè samdi 14 dawout 2021 an te touye anpil moun ak fè anpil dega nan depatman Sid, Grandans ak Nip.

Dènye soukous lan, Volcano Discovery anrejistre l a minui 32 di maten, dimanch maten 9 janvye 2022 a. Soukous pwofondè 15 kilomèt sa a, ki te nan nivo 3.6, te fèt sou yon distans 169 kilomèt, nan lwès Pòtoprens.

Samdi 8 janvye 2022 a, tè a te tranble 3 fwa nan peyi d Ayiti. Te gen youn pwofondè 8 kilomèt, nivo 3, a midi 23, nan awondisman Baradè, depatman Nip, sou yon distans 143 kilomèt nan lwès Pòtoprens.

Menm samdi 8 janvye a, te gen yon lòt soukous, pwofondè 10 kilomèt, nivo 3.3, a 3 è 19 di maten, sou yon distans 138 kilomèt, nan lwès Pòtoprens. Te gen tou yon lòt soukous, pwofondè 5 kilomèt, nivo 3.3, a 3 zè di maten, sou yon distans 175 kilomèt, nan lwès Pòtoprens.

Vandredi 7 janvye 2022, ak yon pwofondè 10 kilomèt, tè a te tranble, nan nivo 3.2, a 7è 23 nan aswè, nan awondisman Baradè, depatman Nip, sou yon distans 144 kilomèt nan lwès Pòtoprens.

Menm 7 janvye 2022 a, ak yon pwofondè 5 kilomèt, tè a te tranble, nan nivo 3.8. nan Ansavo, depatman Nip, sou yon distans 128 kilomèt, nan lwès Pòtoprens. Toujou 7 janvye 2022 a, ak yon pwofondè 10 kilomèt, tè a te tranble, nan nivo 3.4, a 2 zè 4 di maten, sou yon distans 179 kilomèt nan lwès Pòtoprens. Anvan sa, 7 janvye 2022 a, toujou ak yon pwofondè 10 kilomèt, tè a te tranble, nan nivo 3.3, a minui 18, sou yon distans 190 kilomèt nan lwès Pòtoprens.

Jedi 6 janvye 2022, ak yon pwofondè 10 kilomèt, tè a te tranble, nan nivo 3.2, a 5 è 47 nan apremidi, nan awondisman Baradè, depatman Nip, sou yon distans 143 kilomèt nan lwès Pòtoprens. Menm 6 janvye 2022 a, ak yon pwofondè 6 kilomèt, tè a te tranble, nan nivo 3.5, a midi 6, nan lanmè Karayib lan, sou yon distans 171 kilomèt nan lwès Pòtoprens.

Samdi premye janvye 2022 a, te gen yon tranbleman tè, ak yon pwofondè 10 kilomèt, nivo 4.3, ki te pase a 3 zè 42 nan apremidi, sou yon distans 186 kilomèt nan lwès Pòtoprens. [rc apr 09/01/2022 18:00]