Pòtoprens, 27 desanm 2021 [AlterPresse] --- Tè a kontinye tranble, prèske san rete, nan zòn Sid peyi d Ayiti a, dapre enfòmasyon ki rive jwenn AlterPresse.
Dimanch maten 26 desanm 2021 an, te gen ankò yon soukous, pwofondè 15 kilomèt, ki te nan nivo 3.4, sou yon distans 41 kilomèt nan nòdwès Miragwán, depatman Nip.
Samdi maten 25 desanm 2021 an, tè a te tranble, pwofondè 15 kilomèt tou, nan nivo 3.3, sou yon distans 39 kilomèt, nan nòdès Okay, depatman Sid. [emb rc apr 27/12/2021 10:30]