Español English French Kwéyol

Ayiti : Sitiyasyon peyi a montre « ijans yon tranzisyon ripti », dapre Ksil

Kominike Kolektif solidarite idantite ak libète (Ksil)

Dokiman sa vin jwenn AlterPresse 18 desanm 2021

Kolektif Solidarite Idantite ak Libète, (KSIL), gen anpil kè sere devan kalamite ki pa janm sispann fwape peyi a pandan tan move sa yo lap travèse a.

KSIL wete chapol byen ba pou manifeste solidarite l ak konpatriyòt nou nan Nò peyi a ki peri akòz neglijans manfoubin responsab leta yo nan eksplozyon kamyon gaz la. Malsite, move konpwann ak absans responsablite kay dirijan lakòz mòd aksidan evitab sa yo pèsiste lage dèy nan mitan fanmi nou yo.

Yon lòt bò, antrepriz kidnaping nan olye li ta frennen se vitès lap pran jou an jou. KSIL aprann ak anpil tristès ak endiasyon zak dappiyanp ki fèt sou 2 konpatriyòt pwofesè byen koni Fakilte Syans yo, gwo jounen lendi 13 desanm nan. Nap mande ravisè yo ak sila yo kap founi yo zam ak lajan pou akonpli zak revoltan sa yo sonje yo gen ti moun kap bezwen pwofesè pou anseye yo. Ayiti se Manman Libète, gen yon limit nan degrengolad la nou pat janm sipoze franchi. Koze fè moun tounen machandiz kap machande a raple pi move kalamite zansèt nou yo te goumen pou efase nan listwa limanite. KSIL swete liberasyon pwofesè yo ta yon premye jès fò pou montre pwatik lawont sa a kaba sou tè sa a ki te mete fen nan trafik kretyen vivan.

Tou sa moutre ijans yon tranzisyon ripti tout bon pou mete nasyon an sou chimen misyon istorik li ki pa yon senp kole boyo.

Nan sans sa a KSIL kontinye salye jefò kap fèt pou wete peyi a nan katyouboumbe divizyon raysans ak egoyis lagel san gouvènay ni bousòl ni destinasyon klè jounen jodi a.

KSIL voye ankourajmanl bay posesis ki akouche Akò 30 daou 2021 an pandan lap salye espesyalman etap li rive franchi nan mete KNT (Konsèy Nasyonal Tranzisyon) a sou pye.

KSIL ap pwofite raple Akò Montana se pa yon nouvo pati ousnon yon fwon politik, men se rezilta yon konpwomi lajman laj ant diferan sektè divès tandans kap rasanble sosyete a nan tout konpatimanl pou yon tranzisyon koupe fache.

Malgre KSIL ret atache ak rezèv li te fòmile ak yon ansanm lòt òganizasyon lè li tap siyen akò a, lap kontinye akonpaye posesis la nan lespri patriyotik solidarite rekonsilyasyon pou mete fren nan kawo a.

KSIL ap mande sila yo kap pilote akò a pou kenbe pòt li louvri pou ranfòse lejitimitel chak jou pi plis ; pou privilejye konpwomi, konsansis ak patisipasyon pi laj posib ki va pèmèt pèp la repwan dwa gran moun li pou chwazi dirijan l. Se siyal tèt ansanm, lespri depasman sa a sosyete a ap tann nan yon dinamik kote pa gen pèdan, men kote peyi a soti gayan.

KSIL ap raple finalite akò 30 dawou a se pa al goumen pou pran pouvwa, se konstwi pwòp pouvwa sosyete a pou yon tranzisyon koupe fache ak move pwatik ki gen arevwa ak koripsyon, espri ti koulout, lanbi pouvwa, lespri jwisè ki vle tòtòt manmèl leta kadav la, kriminalite tout kalte, ki fin depafini peyi nou an.

Pou fini, KSIL ap swete nan mache kontre lòt sektè ak lòt aktè nan lavi nasyonal la, yon bon konpwomi va jwenn pou pwopoze peyi a yon ekzeketif kredib, onèt, konpetan, san paspouki, ki fè konsansis, pou mennen pogram tranzisyon koupe fache a kòm sa dwa.

Pou yon pèp lib nan yon peyi granmoun.

Savalwe.

Pòtoprens, 18 Desanm 2021,

Pou Siyati. Dr Rudy Prudent