Pòtoprens, 13 desanm 2021 [AlterPresse] --- Anvan yo asasinen l, lakay li, 7 jiyè 2021 an, ansyen prezidan defakto Jovenel Moïse te gen nan men l yon lis moun ki ta tranpe nan trafik dwòg, dapre jounal ameriken The New York Times, AlterPresse li sou Entènèt.
Atik la site 4 fonksyonè ak konseye ayisyen, ki te anchaje ekri dokiman sou trafik dwòg sa a pou ansyen prezidan an, epi ki ta bay jounal la enfòmasyon.
Daprè jounal New York Times, ansyen prezidan an t ap travay sou yon lis potanta ki nan politik ak nan biznis epi ki mele nan trafik dwòg. Moun ki antre lakay li, Pèleren 5 (nan lès kapital la) epi ki ansasinen l, ta vòlè lis sa a.
Jounal la fè konnen, entansyon ansyen prezidan an, se te remèt lis la bay gouvènman ameriken an. Se pou rezon sa a yo ta touye l.
Pami non ki site nan atik sa a, gen pa ansyen prezidan Michel Martelly ak bòfrè li Charles (Kiko) St-Rémy.
Moun sa yo pa reponn lis kesyon jounal la te voye ba yo, dapre sa ki ekri nan atik la. Tèks la fè konnen Martelly pral kandida nan eleksyon prezidansyèl ki gen pou fèt nan peyi a.
Apre ansasinay mari li, Martine Moïse te konfime entansyon li pou li kandida pou prezidan tou, jan pawòl la t ap pale anvan krim 7 jiyè 2021 an.
The New-York Times presize ankèt li a fèt nan 8 depatman sou 10, ki gen an Ayiti, epi jounalis li poze anviwon 70 moun kesyon, pami yo plizyè fonksyonè Leta.
Anviwon 40 moun konsa twouve yo nan prizon nan Pòtoprens, pou afè ansasinay Jovenel Moïse la. Pami yo, gen yon douzèn polisye ak 18 militè oubyen ansyen militè kolonbyen. [apr 13/12/2021 00:30]