Pòtop., 06 Jiyè 05 [AlterPresse] --- Gwo operasyon militè ak lapolis nasyonzini ansanm ak lapolis Ayiti ap kontinye nan kèk katye popilè Pòtoprens, patikilyèman zòn Bèlè (nan mitan kapital la) ak Site Solèy (nan Nò).
Nouvèl nou pa rive konfime fè konnen chèf gwoup ame nan Site Solèy, Dread Wilmè, ta tonbe anba bal nan goumen ak fòs Nasyonzini yo ak lapolis, byen bonè nan maten 6 jiyè a. Plizyè lòt nèg ki te ak Dread Wilmè ta sibi menm sò a, dapre enfòmasyon ansyen majistra adjwen Dèlma Ernst Erilus, ki baze nan Site Solèy, bay Radyo Kiskeya.
Sa fè anviwon 2 semèn, lapolis te anonse Dread Wilmè te blese anba bal pandan yon operasyon nan Site Solèy. Depi lè a pot ko gen nouvèl sou misye.
Li te vè 2 è nan maten lè kas ble Nasyonzini yo ak lapolis te tanmen yon operasyon nan Site a. Temwayaj nou resevwa ki soti nan zòn ki vwazen Site a fè konnen se gwo kout zam k ap tire.
Nan Pòtoprens, malgre operasyon sa yo, anpil zak bandi kontinye nan kapital la. Se pa bann ak pa pakèt lopital resevwa moun ki pran bal. Mesen San Fwontyè (MSF) anonse 5 jiyè a, soti desanm 2004 rive jodi a, yo swaye plis pase 1000 “blese nan lagè†. Se moun ki blese, nan sèten ka, ak bal ki eklate nan kò yo. MSF mande pou belijeran yo respekte sivil.
Plizyè kidnapin fèt ankò semèn sa a. Pami yo, gen Jean Liautaud, yon doktè 78 an nèg ak zam kidnape 4 jiyè nan lajounen epi yo lage l nan aswè apre fanmi l fin peye gwo lajan. Yo frape doktè a plizyè fwa, dapre temwayaj li.
Akòz sitirasyon ensekirite ak vyolans sa a, anpil moun ap pati kite Pòtoprens pou al an pwovens oubyen, pou sa k kapab yo, nan peyi etranje.
Menm jan tou, ane sa a, Ayisyen ki viv aletranje, ki toujou antre pandan peryòd vakans, prefere pa vini an Ayiti. Vòl avyon ki soti an Amerik di Nò ak lòt kote rantre ak mwens pasaje. Konpayi American Airlines anonse l ap redui kantite vòl li fè sou Ayiti.
Kesyon ensekirite a gen gwo konsekans sou aktivite komèsyal, dapre Chanm Komès ak Endistri, ki lanse yon gwo kout rèl. Anpil magazen fèmen nan lavil la, aktivite nan pò ak ladwann bese anpil epi sou kontwa magazen ak sipèmakèt ki ouvè yo, anpil pwodui manke.
Premye minis Gerard Latortue ki rantre an Ayiti 5 jiyè, apre yon vizit ofisyèl nan Nasyonzini, fè konnen l ap pran dispozisyon pou kwape vyolans ak ensekirite nan kapital la. Li di mwa jiyè a, se dènye mwa pou mete fren nan zak sa yo.
Dapre Gerard Latortue, se moun ki pa vle eleksyon fèt nan peyi a, k ap simen vyolans konsa.
Anbasadè meriken ana n Ayiti, James Foley, te fè yon deklarasyon menm jan 3 jiyè, lavèy jou endepandans Etazini. Nan yon seremoni li te òganize lakay li, anbasadè a di zak k ap fèt yo, se zak teworis politisyen ki fè alyans ak bandi ap mennen. Diplomat la di Etazini konnen kote sa soti.
Pa gen lontan, Sekretè Deta adjwen ameriken pou kesyon ki konsène zòn Amerik la, Roger Noriega, te di kareman ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide ap alimante vyolans yo dirèkteman.
Pandan konjonkti a ap pran wout sa a, Sekretè Jeneral à’ganizasyon Eta Meriken (OEA), Jose Miguel Insulza, antre nan peyi a 5 jiyè pou vin soutni pwosesis k ap devlope a. Misye chita pale ak prezidan pwovizwa Boniface Alexandre, premye minis Latortue ansanm ak manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP).
Nan maten 6 jiyè a, Insulza te gen pou inogire yon biwo enskripsyon elektè nan Pòtoprens. Jiskaprezan, enskripsyon poko pran vitès. Chif enskripsyon yo toujou nan anviwon 200 mil. [gp apr 06/07/2005 11:00]