Pòtoprens, premye desanm 2021 [AlterPresse] --- Madi 30 novanm 2021 an, gwo tansyon, barikad kawoutchou ki t ap boule, nan zòn Bon Repo, sou wout nasyonal nimewo 1 an, apre bandi ak zam, ki te gen inifòm lapolis sou yo, kidnape ansyen majistra adjwen lakomin Kwadèboukè a, Jonas Saint-Juste, ansanm ak yon pitit li, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse.
Lendi 29 novanm 2021 an, bandi ak zam te kidnape direktè lekòl « Cœur de Jésus » an, Sony Guichard, nan blòk Channmas, pa twò lwen Palè nasyonal ak plizyè lòt biwo leta.
Pou mwa novanm 2021 an, Sant analiz ak rechèch nan dwa moun konte prèske yon santèn ka kidnaping sou teritwa nasyonal la.
Anpil moun gen gwo kè sote douvan zak kidnapin yo, bandi ak zam kontinye ap simaye sou teritwa nasyonal la, nan finisman lane 2021 an, ki ta sipoze yon peryòd fèt.
Jiska prezan, lapolis poko fè ankenn aksyon pou kwape zak kriminèl yo, pami yo zak kidnapping yo. [emb apr 1er/12/2021 10:45]