Español English French Kwéyol

Ayiti-Meteyo : Boulvès nan tan an pral kontinye bay lapli ak loray, sou laplipa depatman peyi d Ayiti yo

Pòtoprens, 24 novanm 2021 [AlterPresse]--- Toujou gen yon mas lè frèt, ki lakoz boulvès nan tan an, sou zile Karayib yo, jodi a, dapre dènye bilten espesyalis aysiyen yo nan kondisyon tan an, ki vin jwenn ajans sou Entènèt AlterPresse.

Se yon sitiyasyon, ki pral bay lapli, ki mache ak loray, nan finisman jounen an, nan aswè ak lannuit lan, jis rive finisman semenn nan, sou depatman Nòdès, Nò, Plato santral, Latibonit, Nòdwès, Sidès, Grandans ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Gen solèy ak van, pandan jounen an. Gen nyaj, depi nan maten. Tan an pral mare, nan finisman apremidi ak aswè.

Nivo chalè a kontinye wo, sou tout depatman peyi d Ayiti yo. Soti nan 34 degre Sèlsiyis, tanperati a pral desann, ant 24 pou al 21 degre Sèlsiyis, nan aswè.

Gen tou posiblite lapli ak loray sou lanmè a, espesyalman bò kòt Sid yo, kote ap gen difikilte pou wè, nan moman lapli ak loray sa yo.

Detan yo va evite rantre nan fon lanmè a, k ap move anpil, kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe toujou pran prekosyon, bò tout kòt yo.

Vag yo ap monte nan nivo 8 pye wotè bò kòt Nò yo ak 6 pye wotè bò kòt zile Lagonav yo, pa twò lwen Pòtoprens. [emb rc apr 24/11/2021 12:40]