Español English French Kwéyol

Migrasyon : Otorite Meksik yo pa aji ak konpòtman gwo ponyèt ak fanm ansent yo, kontrèman ak otorite Repiblik Dominiken yo

Pòtoprens, 19 novanm 2021 [AlterPresse] --- Otorite peyi Meksik yo pa gen menm konpòtman gwoponyèt, otorite Repiblik Dominiken yo genyen douvan fanm ansent yo, dapre enfòòmasyon ki vin jwenn ajans AlterPresse.

Enstiti nasyonal migrasyon nan peyi Meksik (Inm) di li vle regle sitiyasyon migran ki pi frajil yo, pami yo fanm ansent, ladan anpil Ayisyèn, nan peyi Meksik.

Enstiti nasyonal migrasyon nan peyi Meksik fè konnen li kenbe pwopozisyon l, pou wè sitiyasyon fanm ak gason migran, ki sou teritwa yo a, jwenn solisyon. Enstiti nasyonal migrasyon peyi Meksik di li enterese regle sitiyasyon fanm ak gason migran, ki pi frajil yo, ki soti nan peyi Ayiti, Salvadò, Ondiras ak Gwatemala.

Migran, Enstiti nasyonal migrasyon peyi Meksik konsidere kòm moun ki nan sitiyasyon pi frajil yo, se ti fi, ti gason, jèn fi, jèn gason, fanm ansent ak tout moun ki gen yon andikap.

Li konsidere tou fanmi, ki ansanm ak gwoup moun, nou sot site la yo, kòm moun tou, ki nan yon sitiyasyon frajil.

Enstiti nasyonal migrasyon peyi Meksik di, nan yon kominike, l ap mennen demach pou pwoteje tout moun sa yo, ki nan kondisyon frajil. Pou tèt sa, y ap voye yo nan divès kote, nan peyi Meksik, nan 14 gran zòn yo rele Leta plis nan kapital peyi Meksik la, Mexico, pou regle sitiyasyon yo kòm migran.

« Otorite migrasyon yo dwe asire yon migrasyon, ki fèt nan bon kondisyon ak lòd. Yo dwe regle sa sou tout teritwa meksiken an. Se yon fason pou pwoteje popilasyon, ki nan sitiyasyon frajil yo, detan yo va evite l tonbe nan zatrap, pandan y ap vwayaje sou distans ki long »., dapree kominike a.

Enstiti nasyonal migrasyon peyi Meksik leve lavwa, dèske gen fanm ak gason migran ki kite yo jwe nan tèt yo, ki kite yo manipile yo, fè yo kite karavan nan. Yon sitiyasyon, ki mete lavi yo nan gwo danje nètalkole.

Nan dat lendi 15 novanm 2021 an, te gen apeprè 4 mil migran ki te tanmen vwayaje depi vil Tapachula, ki nan gwo zòn yo rele Leta Chiapas, pa twò lwen fontyè ak Gwatemala.

Pou kounye a, gen mil 479 ladan yo, ki te kite karaván nan epi ki te resevwa kat vizit pou rezon imanitè ak kat rezidans, ki pèmèt yo rete lavi diran nan 15 gran zòn, yo rele leta nan peyi Meksik.

Se gran zòn Puebla, Veracruz, Oaxaca, Morelos, Hidalgo, Guerrero, Chiapas, Querétaro, Nayarit, Guanajuato, Leta Mexico (ki se kapital peyi Meksik), Jalisco, Michoacán, Colima y Aguascalientes.

Pandan tan sa a, gen yon fanm migran natif natal Ayiti, yo rele Carline Louis Jacques, ki gen 35 lane sou tèt li, ki akouche, nan dat jedi 18 novanm 2021 an, nan lopital Macedonio Benítez Fuentes nan vil Juchitán, dapre sa yon ajans près nan zòn nan, Agencia Quadratín, fè konnen.

Ni manman an, Carline Louis Jacques, ni bebe l la, yo toulède pote yo byen, apre akouchman an, dapre sa direktè lopital Macedonio Benitez Fuentes la presize. [rc apr 19/11/2021 15:30]