Pòtoprens, 8 novanm 2021 [AlterPresse]--- Ansyen prezidan boks entènasyonal lan, Jacques Deschamps Fils, ki te gen 68 lane sou tèt li, mouri, lakay li, nan peyi d Ayiti, lannuit dimanch 7 pou rive lendi 8 novanm 2021 an, apre kè l te rete, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans sou Entènèt AlterPresse.
Jacques Deschamps Fils te konn òganize gwo match bòks nan peyi d Ayiti epi jere karyè chanpyon dimond yo, men tou Commonwealth la.
Li te pèmèt yo dekouvri talan Evens Pierre, ki soti Site Solèy, men tou Wilky Campfort, Azéa Augustama ak Mélissa Saint-Vil.
Nan mwa oktòb 2019, World Boxing Council (WBC) te dekore l, nan okazyon 57 tyèm nimewo kongrè chak ane l yo, nan vil Cancun, peyi Meksik .
Nan foutbòl, nan lane 1984, Jacques Deschamps Fils te prezidan an apre Violette Athletic Club.
Se te nan lane 1984 Violette Athletic Club te chanpyon Konkakaf, chanpyona ki te reyini klib chanpyon foutbòl nan peyi Amerik di Nò yo, Amerik santral ak Karayib yo. [mff emb rc apr 08/11/2021 16:10]