Kreyòl pale ! Kreyòl tande ! Kreyòl ekri ! Kreyòl konprann !

Nòt Komisyon episkopal Jistis ak lapè nan 28 oktòb 2021, Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl

Dokiman an vin jwenn AlterPresse 26 oktòb 2021

Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè (CE-JILAP), nan dat 28 oktòb 2021 sa a, ki se jounen entènasyonal lang kreyòl, wete chapo l byen ba pou di ‘’ ONÈ-RESPÈ ’’ ak tout pèp sou latè ki, menm jan ak pèp ayisyen an, gen bèl lang sa a, lang manman yo ak papa yo, kote chak jou y ap pale, tande, ekri epi konprann kreyòl la ki kenbe lang lan vivan, pi djanm toujou.

Si jounen entènasyonal lang kreyòl la se yon bon okasyon pou ansanm nou selebre lang sa a, ki se yon triyonf lengistik brasaj lang fransѐ a ak divès lang zansèt nou yo : Tayino, Arawak, Siboney, Karayib, elatriye ak divès lang etni afriken yo, youn nan gwo zam rezistans zansèt nou yo te devlope ak itilize kont dominasyon kolonyal, esklavajis ak rasis gwo pisans enperyalis ewopeyen yo, tankou Lafrans, te pèmèt yo batay di di pou pran endepandans yo 1mye janvye 1804, men Komisyon an kwè jounen entènasyonal lang kreyòl la se yon okazyon tou pou ansanm nou reflechi sou tout pwoblèm, tankou tout move desizyon, mezi ak politik, tout vye lide, prejije, estereyotip ak diskriminasyon ki fè jouk jounen Jodi a, malgre Konstitisyon ayisyèn 1987 la rekonèt 2 lang ofisyèl sa yo, kreyòl ak franse, kreyòl la toujou poko kapab pran tout plas li kòm sa dwa, menm jan ak fransè a, toupatou, tout kote nan peyi a.

Se konsa, Komisyon an ap poze kesyon pou konnen :

1) Ki vrè rezon ki esplike jiskaprezan, an 2021, pratikman tout tèks etatik ak jiridik ayisyen yo, tankou : politik yo, plan, pwogram, pwojè ak avan-pwojè lwa yo, lwa ak dekrè-lwa, lwa ak arete yo, jijman yo kontinye ekri nan yon sèl lang, fransè; alòske konstitisyonèlman pèp ayisyen an gen 2 lang ofisyèl ?

2) Poukisa, jiskaprezan, Ministè Levasyon Nasyonal pa degaje l kou mèt Janjak pou tradwi an kreyòl tout materyèl e/ou manyèl aprantisaj yo, soti depi nan nivo preskolè, pase nan nivo fondamantal, segondè, fòmasyon pwofesyonèl jis pou rive nan nivo inivèsitè ? Sa ki esplike Ministè Levasyon Nasyonal la kontinye jouk jounen jodi a ap otorize itilizasyon materyèl e/ou manyèl aprantisaj ki pa nan 2 lang ofisyèl peyi a (kreyòl ak Fransè) nan sistèm edikatif ayisyen an ?

3) Èske Ministè Lakilti gen bonjan politik pou fè lang kreyòl la vin pi dinamik nan bay bonjan api teknik ak finansye pou ankouraje moun pwodwi tout kalite zèv literè ak atistik (chan-dans-teyat-pwezi-fim, elatriye) an kreyòl ?

4) Èske bidjè Leta prevwa pou Akademi Lang Kreyòl la pѐmѐt akademi an byen fonksyone ak ranpli misyon l nan peyi a kòm sa dwa ?

Menmsi gen anpil gwo pwogrè ki deja fèt pou Kreyòl la okipe tou plas li dwe genyen nan peyi a; men gen anpil bagay ki rete pou fèt pou l okipe tout plas li kòm lang matènèl ak ofisyèl pèp ayisyen an. Komisyon an rete kwè nou tout, nou chak nan tout sektè nan sosyete a dwe kontinye batay pou, san okenn prejije ak diskriminasyon, Kreyòl la ki se lang manman n ak papa n, toujou kontinye byen pale, ekri, tande ak konprann toupatou, tout kote.

Pòtoprens 26 oktòb 2021.

Madam Jocelyne COLAS,

Direktris nasyonal