Pòtoprens, 13 oktòb 2021 [AlterPresse] --- Menm jan ak madi 12 oktòb 2021 an, tan an kotinye fèmen, sou peyi d Ayiti, mèkredi 13 oktòb 2021 an, dapre dènye bilten espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an, ki vin jwenn AlterPresse.
Toujou gen imidite ak lòt kalte boulvès nan tan an, sou gwo zile Karayib yo, jodi a,
Se yon sitiyasyon, k ap kontinye bay lapli, ki mache ak loray, ak kout van, nan apremidi ak aswè, jis rive finisman semenn nan, sou depatman Nò, Plato santral, Nòdwès, Sid, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Nan koumansman apremidi 13 oktòb 2021 an, lapli a te koumanse ap farinen, divès kote, tankou sou depatman Lwès la.
Gen van, pandan jounen an. Tan an mare depi nan maten. Kidonk, gen nyaj, sou peyi d Ayiti, depi nan maten, rive nan apremidi ak aswè.
Soti nan 35 degre Sèlsiyis, tanperati an pral desann, ant 26 pou al 21 degre Sèlsiyis.
Gen tou posiblite lapli, ki mache ak loray, sou lanmè a, bò tout kòt peyi d Ayiti yo.
Se pou sa, detan yo va evite rantre nan fonn lanmè a, k ap move anpil, kaptenn bato, chaloup bwa fouye yo, dwe kontinye pran prekosyon, bò tout kòt yo.
Vag yo ap monte nan nivo 5 pye wotè, bò kòt Nò yo. [rc apr 13/10/2021 12:00]