Pòtoprens, 26 septanm 2021 [AlterPresse] --- « Nou p ap pouse do migran ayisyen yo, fè yo kite peyi Meksik. N ap pito fè yo kite fontyè a, pou y ale nan vil Tapachula a, ki nan Sid peyi Meksik (nan Leta Chiapas, toupre fontyè ak peyi Gwatemala) pou evite pwoblèm lijyèn ak anpeche yo gonfle youn sou lòt ».
Se sa Francisco Garduño, direktè Enstiti nasyonal Migrasyon peyi Meksik (Inm), deklare bay ajans Reuters, ajans AlterPresse te li.
Plizyè migran ayisyen, ajans Reuters te pale ak yo, fè konnen yo pa kwè yo ka jwenn azil nan peyi Meksik.
Migran ayisyen sa yo te fè yon vwayaj long, ki te koute yo anpil lajan, kote yo fè fas kare ak gwo danje, soti nan peyi Gwatemala, pou rive nan vil Acuña, sou fontyè ant peyi Meksik ap peyi Etazini.
Yo di Reuters yo pa kwè l posib pou yo retouenen nan vil Tapachula a, kote yo pa t janm rive jwenn azil, apre demach yo te fè yo.
« Si otorite peyi Meksik yo te vle vrèman ede migran ayisyen yo, yo t ap pèmèt yo fè demann azil lan lòt kote. Tapachula se yon kote ki di, ki difisil anpil. Se yon ti vil, ki chaje ak moun, Nanpwen travay. Pa gen anyen ».
Se repons sa a migran ayisyen, yo rele Willy Jean, bay yon ajan Enstiti nasyonal migrasyon peyi Meksik, ki t ap eseye ankouraje l al fè demann azil, nan vil Tapachula.
Malgre yon ti amelyorasyon, chif, ajans Reuters rive jwenn, montre migran Ayisyen yo gen mwens chans, pase migran lòt peyi, pou rive jwenn azil nan peyi Meksik.
Pami demann azil nan lane 2020 yo, otorite peyi Meksik yo te konsidere, se sèlman 22 sou chak 100 migran Ayisyen yo te bay azil, alòske migran venezuelyen yo te rive nan nivo 98 sou chak 100 demann, migran Honduras yo te rive nan nivo 85 sou chak 100, migran Salvador yo te rive nan nivo 83 sou chak 100 demann azil epi migran kiben yo te rive nan nivo 44 sou chak 100 demann azil, toujou dapre ajsns Reuters.
Pou ane 2021 an, migran Ayisyen, ki fè demann azil nan peyi Meksik, jwenn satisfaksyon nan nivo 31 sou chak 100 demann, kontrèman ak lane 2020 an, lè li te nan nivo 22 sou chak 100 demann azil.
Depi dimanch 19 septanm 2021, peyi Etazini pimpe, voye nan peyi d Ayiti, apeprè 2 mil migran ayisyen, yo te pran nan kan Del rio, Texas, anfas vil meksiken Acuña. Otorite ameriken yo arete apepre 4 mil migran ayisyen, dapre sa depatman sekirite nasyonal lan fè konnen jedi 23 septanm 2021 an. [rc apr 26/09/2021 18:00]