Pòtoprens, 23 septanm 2021 [AlterPresse]--- Gen imidite ak boulvès nan tan an, sou zile Karayib yo jodi a.
Se yon sitiyasyon, ki pral bay lapli, ki mache ak loray, nan finisman apremidi ak aswè, jis rive finisman semenn nan, sou depatman Sidès, Sid, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan, dapre dènye bilten espesyalis ayisyen nan kondisyon tan an, ki vin jwenn AlterPresse.
Detan gen nyaj, plizyè kote, nan maten, tan an pral mare, nan apremidi ak aswè.
Jisteman, depi koumansman apremidi mèkredi 22 septanm 2021 an, nyaj, ki anonse lapli yo, te koumanse parèt, sou plizyè katye, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, depatman Lwès.
Soti nan 34 degre Sèlsiyis, tanperati an pral desann, ant 25 pou al 22 degre Sèlsiyis.
Gen tou posiblite lapli ak loray, sou lanmè a, espesyalman bò kòt Sid yo ak bò kòt zile Lagonav yo, pa twò lwen Pòtoprens.
Detan yo va evite rantre nan fon lanmè a, kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe toujou pran prekosyon, sou lanmè a, bò tout kòt peyi d Ayiti yo.
Vag yo ap monte nan nivo 7 pye wotè, bò kòt Nò yo. [apr 23/09/2021 14:40]