Haiti
Ti chèz ba

Òganizasyon ki tabli nan Etazini mande gouvènman ameriken an sispann depòtasyon migran ayisyen yo, yo « konsidere kòm yon zak rasis »


Ekri jou mèkredi 22 septanm 2021

Òganizasyon k ap Defann Dwa moun epi Chèche Jistis pou Imigran Mande pou Kanpe Imedyatman ak Depòtasyon k ap fèt sou baz Lwa “Title 42” a

Pozisyon “Haiti Mining Justice & International Accountability Project”
Global Justice Clinic, Fakilte Dwa nan New York University - Family Action Network Movement (FANM) - Haitian Bridge Alliance - Institute for Justice & Democracy in Haiti - Haitian Women for Haitian Refugees

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 22 septanm 2021

21Septanm 2021

Administrasyon Biden nan te kòmanse arete epi depòte migran ayisyen ki twouve yo nan Del Rio, nan Texas, mennen yo an Ayiti. Genyen pou pi piti senk (5) vòl ki fèt nan de (2) jou ki sot pase yo. Dirijan Administrasyon Biden yo t ap diskite ansanm pou ka genyen jiska 8 vòl depòtasyon chak jou pou ale nan yon peyi ki sot sibi yon tranblemantè mayitid 7.2, asasina prezidan peyi a, vyolans gang, ak yon grangou ki gaye toupatou. Si desizyon sa egzekite, sa ap tounen “youn nan pi gwo depòtasyon imigran oswa refijye e ki pi rapid ki fèt sou plizyè dizèn lane ki sot pase yo.” Nan desizyon li pran pou ogmante depòtasyon nan kad pwojè lwa ki pote non “Title 42”, ki se yon move entèpretasyon yon lwa sou sante piblik pou pèmèt Etazini nye dwa imigran yo genyen pou mande azil, administrasyon Biden nan sible Ayiti. Sa se egzanp yon politik imigrasyon kont moun ki Nwa Etazini mennen kont pèp Ayisyen an.

Nou se òganizasyon k ap defann dwa moun epi k ap mande jistis pou imigran k ap travay nan solidarite ak imigran ayisyen ak mouvman sosyal ayisyen yo. Nou denonse Etazini ki sible ayisyen pou mennen pi gwo operasyon depòtasyon sa nan tout istwa imigrasyon nan peyi Etazini. Akoz enkapasite depi lontan gouvènman ayisyen an pou resevwa sitwayen li yo nan tout sekirite, nou mande pou genyen yon kanpe ki fèt imedyatman sou tout depòtasyon ak espilsyon pou ale an Ayiti yo. Pi lwen, nou rive jwenn plis pase 100 òganizasyon ki deklare depòtasyon k ap fèt sou baz Lwa “Title 42” yo ilegal e yo dwe kanpe sou yo.

Nan mwa Me pase a, administrasyon Biden nan te konkli pou di Ayiti pa gen kapasite pou li rapatriye sitwayen li yo nan tout sekirite. Nan menm lojik pou te deziye Ayiti yon fwa ankò nan pwogram Estati PwoteksyonTanporè a (ki rele TPS), Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS) te fè konnen: “genyen yon gwo ogmantasyon zak vyolasyon dwa moun” epi li fè konnen “konplisite dirijan nan leta yo nan atak gang yo ap mennen yo te lakoz plizyè santèn moun pèdi lavi yo.” Depi Me, kondisyon lavi moun ap deteryore pi plis toujou an Ayiti. Ayiti twouve li nan mitan yon kriz imanitè ak politik. Nan mwa Dawout pase a, yon tranblemantè mayitid 7.2 te ravaje pifò nan Sid peyi a. Dirijan yo estime genyen 800 000 moun ki te afekte; mwatye nan moun ki nan bezwen yo toujou pa resevwa premye asistans. Akoz pa genyen yon gouvènman ki kapab, viktim yo ap viv san dlo potab, swen sante, manje ak lòt materyo pou rebati kay yo. Tranblemantè sa se yon chòk ki vini sanzatann nan yon moman kriz politik peyi a pa janm konnen avan: prezidan an asasinen an Jiyè, sa ki kite yon vid politik. Rejim politik ansyen prezidan an te genyen kòm karaktestik: koripsyon, represyon politik, vyolans gang ak destriksyon enstitisyon demokratik yo. Malgre manifestasyon popilè ak konsansis ki te genyen sou fen mandan li ki te rive nan kòmansman ane a, Prezidan Jovenel Moïse te kenbe pouvwa a. Sa te rive fèt an pati akoz sipò peyi Etazini. Gouvènman de facto ki genyen an Ayiti a, ki genyen nan tèt li yon premye minis, manke otorite legal epi lejitimite li konteste anpil.

Patnè ak kolèg ayisyen fè konnen kondisyon sa yo pa t janm rive nan nivo pou yo terib konsa sa fè plizyè dizèn ane. Nan pledwaye l ap fè pou genyen yon moratwa imanitè sou depòtasyon sou Ayiti yo, direktè Ofis Nasyonal Migrasyon an deklare: “Pèspektiv pou resevwa 14 000 Ayisyen nan jou k ap vini yo, se plis pase sa peyi a kapab jere.”

Etazini genyen yon istwa ki long e byen dokimante sou politik imigrasyon rasis ki vize dirèkteman pèp ayisyen an. Kòm Egzanp, Etazini pa t konn kenbe nan detansyon moun k ap mande azil jiskaske yo chèche anpeche Ayisyen antre sou sòl peyi Etazini, olye sa yo kreye yon sistèm detansyon pou imigran an 1981; nan ane 1990 yo, gouvènman Etazini te kenbe nan detansyon plis pase dis mil (10 000) Ayisyen nan Bè Guantanamo; an 2016, administrasyon Obama te reyaji fas ak vag Ayisyen ki t ap mande azil nan Tijuana nan mete an plas yon “barèm” pou limite kantite moun ki ap antre Etazini pou mande azil— yon tribinal federal nan “California” te jije sistèm sa ilegal nan kòmansman mwa sa a. Semenn pase a, administrasyon Biden nan te itilize popilasyon imigran ayisyen ki twouve yo nan Del Rio, Texas pou jistifye depòtasyon masif yo a. Malgre gwo kantite popilasyon imigran ayisyen ki vizib nan Del Rio, Ayisyen yo reprezante mwens pase de (2%) pou san moun Patwouy fwontalyè yo jwenn nan 12 dènye mwa ki pase yo. Lè nou konsidere tout eleman sa yo, sèl esplikasyon ki lojik nou jwenn pou sa ki ap fèt kont ayisyen ak modèl ki sible imigran ayisyen yo pou depòte yo, se yon rasis ak diskriminasyon kont moun ki Nwa.

Menm si li patikiliyèman pa imen pou depòte moun ale Ayiti nan moman sa a, tout depòtasyon ki fèt sou baz lwa “Title 42” a ilegal epi yo vyole dwa moun. Depòtasyon ki fèt sou baz lwa “Title 42” vyole responsablite legal gouvènman Etazini genyen nan kad lwa sou refijye domestik ak trete entènasyonal pou resevwa moun k ap kouri pou pèsekisyon nan peyi lakay yo. Espè entènasyonal ak nan sante piblik menm jan ak tribinal nasyonal yo pa sispann mande gouvènman Etazini an pou li mete fen oswa limite itilizasyon l ap fè ak lwa “Title 42” a ki li menm genyen yon enpak patikilye sou Ayisyen k ap mande azil. Semenn pase a, genyen yon jij ki te emèt yon entèdiksyon pwovizwa pou anpeche administrasyon Biden nan mete deyò fanmi imigran sou baz lwa “Title 42” a. Gen yon peryòd 14 jou ki bay pou desizyon an kòmanse aplike. Nouvèl yo rapòte preske mwatye nan 327 Ayisyen ki depòte Dimanch yo se timoun, pami yo genyen ti bebe yo te mete nan avyon epi voye yo an ayiti—yon peyi kote yo po t ko janm mete pye yo.

Politik etranjè peyi Etazini kontribye nan enstabilite ak kondisyon ki mennen migrasyon ki genyen sou fwontyè Etazini ak Meksik la, pafwa atravè peyi Amerik Latin yo, e sa rann Ayiti pa kapab rapatriye sitwayen li yo jodi a. Depi plizyè ane, Etazini ap sipòte lidè kowonpi, anti demokratik epi k ap fè represyon an Ayiti. An plis yon politik etranjè destriktif, repons ki te pote aprè tranblemantè 2010 yo pa t rive atenn pèp Ayisyen an epi li afebli enstitisyon Ayisyen yo. Sof si administrasyon Biden nan ta fè yon gwo koub pou li sipòte jefò ki vize ranfòse demokrasi an Ayiti, li pa twò pwobab pou kondisyon yo amelyore epi pou migrasyon sa pa ta kontinye. Finalman, pou ranfòse enstitisyon demokratik yo epi respè pou dwa moun, administrasyon Biden nan dwe sipòte sosyete sivil Ayisyen an. Sa vle di se rekonèt lidèchip sosyete sivil la nan konstriksyon yon mach a swiv, tankou inisyativ Komisyon pou yon Solisyon Ayisyen fas ak Kriz la ap pran an.

Nou mande pou administrasyon Biden nan kanpe sou tout depòtasyon ak espilsyon k ap fèt sou baz lwa “Title 42” k ap fèt sou Ayiti. Administrasyon an ta dwe bay Ayisyen ki twouve yo sou fwontyè yo libète kondisyonèl pou rezon imanitè epi respekte obligasyon legal li genyen pou respekte dwa imigran yo genyen pou mande azil. Nou sipòte rekòmandasyon politik 56 manm Kongrè yo te pwopoze semenn pase a. Administrasyon Biden dwe retounen sou desizyon li a epi reponn ak kriz la nan respè dwa ak diyite moun.

Foto apati imaj televizyon ameriken