Pòtoprens, 21 septanm 2021 [AlterPresse] --- Dimanch swa 19 septanm 2021 an, Lapolis nan Kwadèboukè, depatman Lwès, di li touye yon moun, li sispèk ki ta bandi, ki te tire sou yon patwouy nan komin lan, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse.
Lavèy, samdi 18 septanm 2021 an, Lapolis Kavayon, depatman Sid, arete 3 moun li sispèk ki ta bandi, nan Leandre, senkyèm seksyon kominal Kavayon.
Dimanch 19 septanm 2021 an, sou zile Ilavach, bò kòt Sid peyi d Ayiti, nan kad yon operasyon li rele « mache pran yo », yon ekip Brigad k ap batay kont trafik dwòg (Blts) ak gadkòt Sid arete Julanor Petit, yo te jwenn ak 13 kilogram dwòg marijuana. [apr 21/09/2021 09:25]