Pòtoprens, 20 septanm 2021 [AlterPresse] --- Apati wikenn ki sot pase a, san l pa verifye moun ki peyi yo ye, gouvènman Joe Biden lan deside pimpe, chak jou, vini pa bò isit, nan peyi d Ayiti, plis pase 300 fanm ak gason, pami yon latriye, ki te rive nan Texas, dapre sa AlterPresse obsève.
Ayisyen sa yo fè pati anviwon 15 mil migran, ki fè yon vwayaj long, pase nan plizyè peyi Amerik latin a pye, anba raje, nan kondisyon danjere anpil, pou wè si yo ta jwenn lavi miyò nan peyi ameriken.
Apeprè mwatye nan 327 fanm ak gason, gouvènnman Etazini pouse do, dimanch 20 septanm 2021 an, gen mwens pase 5 an, epi se natif natal peyi Chili yo ye, dapre enfòmasyon ki soti nan laprès entènasyonal.
Nan Pòtoprens, plizyè nan migran sa yo bay temwayaj ki fè konnen yo gen plizyè lane ap viv nan peyi Amerik latin epi yo fè pitit. Foto ki sikile nan rezo sosyal yo epi ki pibliye nan laprès montre moun sa yo ak timoun sou bra yo.
Otorite ameriken yo te kenbe migran sa yo, nan yon kan sou yon pon entènasyonal ki bay pasaj ant Del Rio (Texas) ak Ciudad Acuna (Mexique).
Otorite ameriken yo anonse yon vag depòtasyon an ap kontinye epi avyon yo ap rive nan Pòtoprens ak nan Okap.
Pou kounye a, yon ti ponyen migran ayisyen rive jwenn pèmisyon pou antre nan Etazini.
Ki akèy ?
Se reprezantan Òganizasyon nasyonal migrasyon (Onm) ki te akeyi migran depòte yo nan aewopò entenasyonal Pòtoprens. Jean Negaud Bonheur Delva, direktè Onm, fè konnen « se devwa nou pou nou akeyi yo », piske yo pwouve yo se Ayisyen.
Onm akeyi migran yo ak “yon pla cho”, 10.000 Goud pou transpò yo epi kit ijyèn pou fanm ak ti moun.
Gouvenman defakto an di li gen anpil tèt chaje parapòta sityasyon sa a. Premye minis defakto an, Ariel Henry di sitiyasyon migran ayisyen ki sou fwontyè amerikano-meksiken an touche li anpil.
Doktè Ariel Henry mande popilasyon an « tèt nou ansanm pou nou bay peyi a yon chans pou frè ak sè nou yo pa kontinye pran kalite imilyasyon sa yo. Mwen pataje soufrans yo, pandan map di yo byenvini lakay yo », se sa chef gouvennman an defakto an deklare nan yon kominikasyon li fè sou rezo sosyal yo.
Kòlè an Ayiti ak aletranje
Desizyon prezidan ameriken an Joe Biden, soulve kolè lakay Ayisyen an Ayiti, komonite ayisyen kap viv nan lòt peyi epi pami popilasyon ameriken an ak nan milye politik ak sosyal Etazini.
Pè Levelt Michaud, k ap dirije Sèvis jezuit pou migran (Sjm) di AlterRadio/AlterPresse kè l « dechire » devan imaj li wè sou sa Ayisyen ap pase, sitou sou fason gad fwontyè ameriken ki sou cheval ap trete Ayisyen yo, tankou jan kolon te konn al chase nwa an Afrik, nan tan lesklavaj.
« Se revòltan, se fristran. Nous santi nou trè touche, nous santi nou trè blese nan sa nou ye » : se sa direktè Sjm nan deklare.
Pè Michaud fè konnen « sa k rive a pa yon sipriz. To ou ta, sa t ap rive, paske tout kondisyon reyini pou Ayisyen yo kite peyi a. E kòm yo kite l yon fason ki pa regilye, nou te atann nou te kab gen yon vag depòtasyon ».
Sjm egzije pou Leta ayisyen resevwa Ayisyen depòte yo ak diyite epi pou gen pledwaye ki fèt sou fason Ameriken ap pimpe migran yo tounen an Ayiti.
Dezespwa, tèt chaje
Plizyè fanm ak gason, pami sa gouvènman ameriken voye tounen nan peyi d Ayiti, gen gwo kè kase sou jan yo pral viv, akoz klima laterè, gang ak zam yo ap plede simaye sou teritwa nasyonal la.
Vyolans ak ensekirite a pa sispann monte nan peyi a. Dimanch 19 septanm 2021 an, bandi ak zam touye anba bal, nan machin li, nan Dèlma (zòn metwopolitèn), yon biznismann, ki se manm konsèy administrasyon makèt Dèlma 2000.
Menm jou a, lapolis nan Kwadèboukè (toujou nan zòn metwopolitèn nan) di li touye yon moun, li sispèk ki ta bandi, ki te tire sou yon patwouy nan komin lan.
Lavèy, samdi 18 septanm 2021 an, Lapolis Kavayon (depatman Sid) arete 3 moun li sispèk ki ta bandi, nan Leyann, senkyèm seksyon kominal Kavayon.
Bandi pa sispann fè gwo demonstrasyon ak fè zam chante nan plizyè katye, sa ki kontinye ranfòse laperèz nan fanmi yo. [apr 20/09/2021 20 :00]
Foto apati imaj videyo
Foto Twitter