Pòtoprens, premye septanm 2021 [AlterPresse] --- Malgre pousye sab, ki soti Sahara, nan zon peyi Afrik yo, gen yon boulves nan tan an, ki nan Sidwes peyi d Ayiti jodi a, dapre sa AlterPresse li nan bilten espesyalis ayisyen nan kondisyon tan yo rann piblik la.
Se yon sitiyasyon, ki pral bay lapli, ki mache ak loray, nan finisman apremidi ak aswe, jis rive vandredi 3 septanm 2021 an, sou depatman Plato santral, Latibonit, Sides, Sid, Grandans, Nip ak Lwes, kote nou jwenn zon metwopoliten Pòtoprens lan.
Tan an chaje ak bouyay, pandan jounen an. Gen nyaj, depi nan maten.
Nivo chalè a kontinye wo, sou tout depatman peyi d Ayiti yo, ni nan lajounen, ni nan aswe. Soti nan 34 degre Selsiyis, tanperati a pral desann, ant 24 pou al 22 degre Selsiyis.
Lanmè a kal, jodia a, bò tout kot peyi d Ayiti yo. [emb rc apr 1er/09/2021 15:00]