Español English French Kwéyol

Ayiti-Klima laterè : 2 mwa apre, ankèt sou kò sasinay jounalis Diego Charles ak militant feminis Antoinette Duclaire toujou nan men Dcpj

Pòtoprens, 31 dawout 2021 [AlterPresse] ---De mwa, apre bandi ak zam, lapolis poko idantifye, te touye anba bal militant Antoinette Duclaire ansam ak jounalis Diego Charles nan dat 30 jen 2021 an, ankèt sou dosye a pa fè yon pa kita yon pa nago.

Enock Arisma, ki se reponsab sal nouvèl Radio Vision 2000, kote jounalis Diego Charles t ap feraye, fè konnen ankèt la toujou nan nivo Direksyon santral lapolis k ap travay pou lajistis la (Dcpj). Li poko janm transfere nan kabinè enstriksyon, plis pase de mwa apre kò sasinay sa yo.

Detan li kontinye mande otorite lajistis yo souke kò yo, sal nouvèl Radio Vision 2000 rete ap kontinye founi je gade, mande kont, jiskaske ankèt la rive nan bout li epi pou koupab yo pini kòmsadwa. [kap emb rc apr 31/08/2021 11:57]