Español English French Kwéyol

Komisyon episkopal katolik women Jistis ak Lapè (Jilap) poze anpil kesyon sou sikonstans kò sasinay, 7 jiyè 2021 an, sou Jovenel Moïse la

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 8 jiyè 2021

Pòtoprens, 7 jiyè 2021

Nòt pou Laprès, pou kondane zak asasinay ki fèt sou fanmi prezidansyèl la

Menm jan ak anpil moun, se avèk gwo sezisman Komisyon episkopal nasyonal Jistis ak Lapè (Ce-Jilap),aprann nouvèl zak asasinay, ki fèt sou fanmi prezidansyèl la lakay li nan Peleren 5, nan lannuit madi 6 pou louvri mèkredi 7 jiyè 2021 an, kote dapre tout enfòmasyon otorite konsène yo nan Leta a bay, mesye Jovenel MOISE twouve lanmò l e madanm li, Martine MOISE, soti blese gravman grav.

Komisyon an kondane zak sasinay sa a, ki se yon krim anplis, pami tout lòt krim ki pa sispann fèt anpil kote nan peyi a, depi kèk tan, ki vin lage plis latwoublay ak kè kase nan mitan popilasyon ayisyèn nan, ki deja ap viv gwo sitiyasyon difisil.

Jiskaprezan, popilasyon an wè nwa nan krim sa a ki fèt la, kote plizyè kesyon ap poze pou konnen :

1. Kòman fè yon gwoup moun, jan yo di a, ki ta sanble etranje, ak gwo zam fann fwa nan men yo, rive brave tout dispozitif sekirite kay fanmi prezidansyèl la, rantre jis anndan chanm lakay li, sasinen ak bal mesye Jovenel MOISE epi blese madanm li fasil fasil konsa?

2. Kote divès ajan, ki te plase pou sekirize fanmi prezidansyèl la, te ye, ki fè gwo zak sa a rive fèt?

3.Kòman gwoup moun byen ame sa yo, jan yo di a, ki ta komèt krim sa a fè rive soti kite espas Peleren 5 lan fasil fasil sanble menm jan yo te antre a?

Se tout kesyon sa yo ak anpil lòt, ki merite repons.

Konsa, Komisyon an mande otorite responsab yo nan Leta a, Lapolis ak Lajistis,pou mennen bonjan ankèt pou fè limyè sou zak kriminèl sa apou jistis ka fèt.Wi, lavi chak moun sakre; an n respekte lavi chakmoun nan pèp nou an.

Pandan Komisyon an ap lapriyѐ Bondye, ki sèl Mèt lavi a, pou retablisman madanm Martine MOISE, l ap voye tout senpati l ba li, pitit li yo, fanmi, zanmi, alye patizan ak senpatizan mesye Jovenel MOISE ak tout pèp ayisyen an, ki an dèy!

Madan Jocelyne COLAS,

direktris nasyonal

Jistis ak Lapè (Jilap)