Español English French Kwéyol

Klima laterè/Jistis : Komite 3 avril Monreyal leve vwa l kont zak sasinay 30 jen 2021 yo, pami yo kò sasinay sou Antoinette Duclaire, 30 jen 2021 an, nan peyi d Ayiti

Dokiman sa vin jwenn AlterPresse 6 jiyè 2021

Katouch ka vide moun atè
Men yo pa ka touye lide..{}

Nan lannuit 29 pou rive 30 jen 2021 an, yon lòt masak vin vide, yon fwa ankò, pitit pèp la atè, nan Pòtoprens.

Latriye viktim, k ap mouri anba machin k ap simaye dèy la, ap glonfle lis defen yo, chak jou pi plis. Pou piti anviwon 30 moun pèdi lavi yo anba kout zam gang.

Chak grenn moun ki mouri yo, se kokenn pèt pou fanmi yo, chak grenn moun sa yo se yon pitit nanchon a pèdi.

Nan mitan viktikm yo, gen yon kokenn fanm kouraj ki pa t pè kanpe anfas machin lanmò a epi ki te yon sous enspirasyon pou jenn yo ki tonbe: Antoinnette Duclaire.

Komite 3 avril nan Monreyal denonse, ak tout fòs li, zak sansinay ki fèt sou jenn fanm vanyan sa a, jou ki te 30 jen 2021 an, epi pwoteste kont zak vyolans ki retire lavi chak grenn moun, ki tonbe anba bal sanginè yo.

Komite a prezante kondoleyans li bay fanmi, kanmarad, òganizasyon fanm yo ak zanmi Antoinette Duclaire, yon feminis epi militan politik.

Komite a voye tout senpati l tou bay fanmi tout moun, ki tonbe anba men asasen yo.

Komite 3 avril Monreyal la fè konnen l ap kenbe fèm nan pote solidarite l, bay lit tout sè ak frè l ap mennen anndan peyi a, pou yon Ayiti Lib!

Pou Komite 3 avril nan Montreyal :

Guerda Amazan

Monique Dauphin

Chantal Ismé

Maguy Métellus

Élisabeth Philibert

Fabienne Pierre-Jacques

Édenne Roc

Pascale Romain

Célia Romulus

Samia Salomon

Maguy Thélusmond

Marjorie Villefranche

Pou kontak : comite3avrilmontreal@gmail.com