Pòtoprens, 21 jen 2021 [AlterPresse] --- Lapolis anonse li bay lòd, pou anpeche zak piyaj yo, ki fèt, ant vandredi 18 jen pou rive dimanche 20 jen 2021 an, kèk kote, nan kapital Pòtoprens la, repete ankò, nan yon nòt ki vin jwenn AlterPresse.
Pou yon twazyèm jou, youn dèyè lòt, bandi ak zam, melanje ak sivil, piye divès magazen, nan zòn Chansrèl, komin Site Solèy, san pèsonn moun pa wè lonbray lapolis, ki kontinye ap pwomèt li pral twoke kòn ak gang ak zam yo.
Pami magazen, bandi ak zam piye yo, gen Mache Ti Tony, anpil moun t ap gade imaj piyay yo, sou rezo sosyal yo.
Chanm komès ak endistri franko-ayisyen di li voye tout senpati l, bay tout moun, tankou manm li yo, anplwaye plizyè biznis, elatriye, ki viktim, an jeneral, nan zak malfektè, nan zak kraze brize, gang ak zam yo ap fè nan Matisan, Belè ak Dèlma, pandan dènye semenn sa yo.
Zak teworis gang pouvwa defakto a deja fè twòp dega. Zak sa yo touye anpil anpil moun, kraze, piye anpil biznis, paralize prèske tout aktivite… Yon sitiyasyon, ki voye plizyè milye moun nann lari, san atèmiyò, pèdi travay yo, pèdi tout degaje yo t ap fè.
Se dizon Direksyon politik opozisyon demokratik la (Dirpod), ki denonse, yon lòt fwa ankò, Jovenel Moïse, dèske li menm ak ekip defakto li a mete kanpe federasyon gang ak zam yo, kòm zouti politik, pou kenbe pouvwa a epi pou retounen ak diktati nan peyi d Ayiti.
Direktè lapolis la pou yon ti bout tan, Léon Charles, deklare « Lapolis pran tout mezi, pou l mobilize tout resous li genyen, pou li mache pran bandi ».
Detan li anonse li pral ranfòse patwouy yo nan kapital la, li fè konnen lqpolis nasyonal la ap chèche anpil Jimmy Chérisier, yo plis konnen sou non « Barbecue », ki ta gen men l tranpe nan zak sasinay sou ajan Kò entèvansyon pou mete lòd (Cimo), ki rele Gasley Limage la. [emb rc apr 21/06/2021 10:40]