Pòtoprens, 8 jen 2021 [AlterPresse] --- Òganizasyon leta Ameriken an (Oea) p ap kapab ede peyi d Ayiti soti nan kriz, k ap brase bil li. Se dizon pati politik Fwon patriyotik popilè, ki fè konnen Oea konplis nan mete peyi nan sitiyasyon li ye a, nan yon nòt ki rive jwenn AlterPresse.
Fwon patriyotik popilè mande tout pati politik yo voye jete envitasyon Oea, pou al patisipe nan swadizan chita pale, pou chèchè jwenn yon solisyon nan kriz la.
Kouman yon enstitisyon malad jouk nan mwèl, tankou Oea, ka ede Ayiti soti nan kriz malouk sa a, kote li se youn nan responsab ki lakoz 2 dènye eleksyon magouy fèt nan peyi a?
Se kesyon sa a Fwon patriyotik popilè poze, detan l fè sonje Oea mele nan plizyè eskandal.
Se sèl Ayisyèn ak Ayisyen, ki ka rezoud pwoblèm Ayiti yo. Se pou sa, sosyete sivil la gen tan fè gwo jefò pou mete kanpe yon komisyon, ki reyini tout sektè, pou chache yon solisyon ayisyèn nan kriz la, dapre sa li deklare.
Detan li derefize envitasyon Oea, pou al patisipe nan chita pale, pou chèche jwenn yon solisyon nan kriz la, òganizasyon politik Inisyativ patriyòt maryen (Ipam) envite, sou bò pa l, tout gwoup òganize, nan peyi a, vin pote kole ak li nan plante pikèt, madi 8 jen 2021 an, douvan biwo Oea, nan Petyonvil, kont misyon li voye nan peyi a.
Ipam kritike misyon sa a, ki gen pou objektif detounen atansyon moun sou vrè poblèm yo.
Pi lwen, Ipam envite tout patriyòt, nan kat kwen peyi a, fè yon jès senbòl, pou montre yo pa dakò ak misyon, Oea ap voye vini nan peyi d Ayiti a.
Sektè demokratik ak popilè a (Sdp) konfime li resevwa envitasyon, pou t al rankontre manm misyon espesyal konsèy pèmanan Oea a, k ap vini nan peyi d Ayiti nan lide pou eseye jwenn yon akò politik, ki ta pèmèt peyi a soti nan kriz li ye depi kèk tan.
Sektè demokratik ak popilè a tou pwofite fè sonje manda prezidan de fakto a Jovenel Moïse fini depi dimanch 7 fevriye 2021.
Li fè konnen li pa nan ni negosyasyon, ni nan mre sosis avèk Jovenel Moïse, epitou li pa nan ni referandòm ni eleksyon.
Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep) anonse, lendi swa 7 jen 2021 an, li ranvwaye referandòm, ekip defakto a te prevwa fè dimanch 27 jen 2021 an, pou yon lòt dat lii poko fikse, akoz egzekitif la deside pwolonje eta ijans lasante a epitou yo te reyini ak ak Ministè sante piblik ak popilasyon ansanm ak gwoup moun ki anchaje jere kriz kowona a.
Kep sa a, plizyè sektè pa rekonèt, depi lè rejim defakto a te mete l kanpe, nan mwa septanm 2020 an, anonse desizyon pou ranvwaye referandòm dèyè do Konstitisyon an ak Lalwa, lavèy yon vizit yon misyon Oea, nan peyi d Ayiti, pou ta ankouraje chita pale ant dirijan politik yo, pou jwenn yon solisyon nan kriz k ap brase bil peyi a. [jep emb rc apr 08/06/2021 09:35]