Español English French Kwéyol

Ayiti-Klima laterè : Bandi ak zam asasinen anba bal, samdi premye me 2021 an, polisye nasyonal Guerby Geffrard, pòtvwa Sendika polis nasyonal la (Spnh-17 la)

Pòtoprens, 2 me 2021 [AlterPresse] --- Nan aswè samdi premye me 2021 an, bandi ak zam asasinen anba bal, nan Pòtoprens, pòtvwa Sendika polis nasyonal la (Spnh-17 la), polisye masyonal 28 tyèm pwomosyon, Guerby Geffrard, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans sou entènèt AlterPresse.

Jiska prezan, yo poko jwenn kò Guerby Geffrard, imaj yo montre ki benyen nan san l.

Sa gen plizyè semenn, alatèt lapolis nasyonal la te di l ap chèche Guerby Geffrard, 28 tyèm pwomosyon nan polis nasyonal la, pou arête l, sou pretès yo sispèk li ta manm gwoup Fantom 509. Yon akizasyon, polisye nasyonal Guerby Geffrad te toujou voye jete.

Nan mwa fevriye 2021 an, Guerby Geffrard te fè konnen gen menas ak konplo pou asasinen l, dèske l ap defann dwa sendika andedan lapolis lan. Li te di li wè, nan lannuit, plizyè moun sispèk, ak gwo zam lou plis twal ki bouche figi yo, alantou lakay li.

Sektè demokratik ak popilè a leve lavwa kont kò sasinay, samdi premye me 2021 an, sou polisye nasyonal Guerby Geffrard, li konsidere ki te angaje nan batay pou amelyore kondisyon lavi polisye yo.

Guerby Geffard, se te youn nan moun, ki te ankouraje mobilizasyon polisye yo pou te fòse alatèt lapolis yo al rekipere kadav 5 polisye, bandi ak zam te sasinen, vandredi 12 mas 2021 an, nan vilaj de Dieu, lè operasyon rate lapolis t al mennen nan zon sa a.

Federasyon gwoup gang G9 an fanmi ak alye yo, se yon òganizasyon kriminèl, k ap piye, sasinen, blese, kidnape nan tout enpinite. Se yomenm, ki responsab materyèl ak entelektyèl divès masak leta, ki te fèt nan plizyè katye popilè, tankou Lasalin, Site Solèy, Belè, Pon wouj ak Kafou fèy. Rejim Jovenel Moise lan, se yomenm ki òganize federasyon gwoup gang G9 an fanmi ak alye yo, dapre Sektè demokratik ak popilè an.

Sektè demokratik ak popilè a envite fanmi polisye nasyonal Guerby Geffrard ak Spnh 17 pote plent. [jep rc apr 02/05/2021 20:00]