Español English French Kwéyol

Ayiti-Edikasyon : Plizyè dizèn élèv lise nan Pòtoprens manifeste nan lari, pou ekzije prezans pwofesè nan sal klas yo

Pòtoprens, 12 avril 2021 [AlterPresse] --- Plizyè dizèn élèv lise Alexandre Pétion ak Toussaint Louverture manifeste nan lari pòtoprens, jodi lendi 12 avril 2021 an, pou exije prezans pwofesè nan sal klas yo, dapre sa ajans sou entènèt AlterPresse te obsève.

« Avni nou menase. Yo vle kraze lekòl. Ou wè sa w fè, yo wè sa w fè Leta », te pami eslogan, ki te nan bouch elèv lise, ki t ap manifeste yo, pandan yo t ap pase, ak kaye nan men yo, douvan palè nasyonal.

Pandan manifestasyon an, yon elèv deklare « ensekirite a twòp pou nou. Nou pa ka jwenn pwofesè, alòske nou pral nan egzamen ».

Manifestan yo mande Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (Menfp) pran bon jan dispozisyon, pou satisfè revandikasyon pwofesè yo, yon fason pou yo reprann travay.

Pandan mouvman sa a, lendi 12 avril 2021 an, nan Pòtoprens, elèv, ki t ap manifeste yo, te bloke lari yo, pandan plizyè èd tan.

Elèv sa yo gen plizyè semèn, depi yo pa janm jwenn pwofèsè, alòske ane lekòl la preske fini. [kap emb rc apr 12/04/2021 16:40]