Español English French Kwéyol

3 avril 1986-3 avril 2021, jounen mouvman nasyonal fanm ayisyèn yo yo

Ayiti : Plizyè santèn fanm te mache, 3 avril 2021 an, nan lari Pòtoprens, kont diktati an ak pwojè referandòm ekip defakto an

Pòtoprens, 5 avril 2021 [AlterPresse] --- Samdi 3 avril 2021 an, jounen mouvman nasyonal fanm ayisyèn yo, sou lobedyans plizyè òganizasyon fanm, plizyè santèn fanm te mache nan lari Pòtoprens, kont diktati an ak kont pwojè referandòm ekip defakto an, dapre enfòmasyon ajans sou entènèt AlterPresse ranmase.

Soti kafou wout Aryopò entènasyonal Pòtoprens ak wout Dèlma, ki rele kafou rezistans, depi finisman laane 2019 lan, mach sa a te pase Nazon, Bwa Vèna, epi desann Chann Mas, kote l ta pral bout douvan plas konstitisyon 1987 la.

Yon gwoup rara fanm te akonpaye fanm ki t ap manifeste yo, ki t ap mande respekte dwa fanm genyen pou yo viv kòmsadwa nan peyi a.

Aba kadejakè. Kò fanm yo pa teritwa lagè. Kat wouj pou kadejakè yo. Se kèk eslogan, fanm yo te di nan mach sila a, ki te reyini plizyè manm òganizsyon fanm ak dwa moun.

Se plizyè òganizasyon fanm ki te pran initiativ òganize mach sa a, tankou Solidarite fanm ayisyèn (Sofa), Kay Fanm, Nègès Mawon, Fanm Rasin Kan Pèp, Fanm Deside Jakmèl, Marijàn, Dantò, elatriye. [apr 05/04/2021 10:25]