Español English French Kwéyol

Ayiti-Ensekirite : Mèt Eno René Louis, bandi ak zam te kidnape, depi samdi 27 mas 2021 an, lage vandredi 2 avril 2021 an,apre gwo kout lajan

Pòtoprens, 5 avril 2021 [AlterPresse] --- Se ak anpil satisfaksyon, melanje ak anpil desepsyon, Asosyasyon nasyonal majistra ayisyen yo (Anamah), di li resevwa nouvèl jij tribinal de pè Petyonvil la, mèt Eno René Louis, bandi ak zam lage, apre gwo kout lajan, vandredi 2 avril 2021 an, bò 1 è dimaten, dapre sa l deklare bay AlterPresse/AlterRadio.

Se samdi 27 mas 2021 an, bandi ak zam te dappiyanp mèt Eno René Louis, detan l te sou wout pou antre lakay li, nan zòn Kwadèboukè.

Nan mikwo AlterRadio/AlterPresse, prezidan Anamah an, Jij Jean Wilner Morin, manifeste desepsyon li, akoz se pa Lapolis ki rive libere jij la, men se pito fanmi an, ki te blije bay gwo kout lajan pou fè bandi ak zam yo rive lage l. [jep emb rc apr 05/04/2021 09:30]