Español English French Kwéyol

Ayiti-Ensekirite : Pwopyetè ponb finèb, Kénol Félix, bandi ak zam te kidnape, depi 19 mas 2021 an, lage vandredi 2 avril 2021 an

Pòtoprens, 05 avril 2021 [AlterPresse] --- Pwopyetè ponp finèb Sent Woz Lima, Kénol Félix, bandi ak zam te kidnape, depi vandredi 19 mas 2021 an, nan sant vil Pòtoprens lan, lage vandredi 2 avril 2021 an, sou 15 jou depi l te nan men baandi ak zam yo, dapre enfòmasyon ajans sou entènèt AlterPresse jwenn.

Menm moman an, yo te blije kouri ale lopital ak Kénol Félix, akoz eta sante l.

Bandi ak zam sa yo te kenbe Kénol Félix pandan 15 jou, malgre gwo kout fòs lajan fanmi viktim nan te ba yo.

Sitiyasyon sa aq te lakoz plizyè pwopyetè mòg, nan Pòtoprens, te òganize plizyè mouvman pwotestasyon, nan kapital lan, pou ekzije baandi ak zam yo lage Kénol Félix. [jep emb rc apr 05/04/2021 09:16]