Español English French Kwéyol

Anviwonman : Posiblite ti aktivite lapli sou 6 nan 10 depatman peyi d Ayiti yo, jis rive samdi 3 avril 2021 an

Pòtoprens, premye avril 2021 [AlterPresse] ---Gwo kout van, sou peyi Karayib yo, jedi premye avril 2021 an, p ap lakoz boulvès nan tan an, nan premye wikenn mwa avril 2021 an, dapre dènye bilten espesyalis ayisyen nan kondisyon tan an, ki vin jwenn ajans sou entènèt AlterPresse.

An jeneral, toujou gen gwo kout van, nan peryòd pou rive Pak, sou peyi d Ayiti. Sa ki konn pèmèt anpil timoun ak granmoun pran plezi monte kap ak grandou, anpil kote, nan peyi a.

Men, jis rive samdi 3 avril 2021 an, imidite ak chalè jounen an pral bay ti aktivite lapli, nan finisman apremidi ak aswè, sou depatman Plato santral, Latibonit, Sidès, Sid, Grandans ak Nip.

Gen gwo kout van, divès kote, pandan jounen an.

Gen solèy nan maten, toupatou, esepte nan zòn Sid yo, ki gen nyaj.

Sou rès peyi d Ayiti yo, nyaj yo ap plis parèt, nan finisman apremidi ak aswè.

Soti nan nivo 33 degre Sèlsiyis, tanperati an pral desann, ant 23 pou al 20 degre Sèlsiyis.

Detan yo va evite rantre nan fon lanmè an, k ap move anpil, kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe pran anpil prekosyon, bò tout kòt yo.

Vag yo ap monte nan nivo 8 pye wotè bò kòt Sid yo, 7 pye wotè bò kòt Nò yo ak 5 pye wotè bò kòt zile Lagonav yo, pa twò lwen Pòtoprens. [rc apr 01/04/2021 14:00]