Español English French Kwéyol

Ayiti-Krim : Madi 23 mas 2021 an, mouvman plante pikèt Spnh17 la, pou mande demisyon Léon Charles

Pòtoprens, 22 mas 2021 [AlterPresse] --- Madi 23 mas 2021 an, mouvman plante pikèt sendika polis nasyonal lan (Spnh17), nan Bwa vèna, Pòtoprens, dapre enfòmasyon, ki vin jwenn ajans sou entènèt AlterPresse.

Objektif plante pikèt sa a, se : kontinye egzije demisyon direktè jeneral Polis nasyonal lan, Leon Charles, denonse fason lapolis lan ap tounen yon zouti politik anba ponyèt rejim defakto an epi egzije wo kòmannman lapolis lan al chèche kò polisye, gang ak zam te sasinen, vandredi 12 mas 2021 an, nan operasyon rate Village de Dieu an, nan Pòtoprens.

Bandi toujou kenbe kò plizyè polisye nasyonal, yo te sasinen, nan operasyon rate alatèt lapolis lan te voye yo, vandredi 12 mas 2021 an, nan Village de Dieu an.

Malgre jefò gouvènman an di lap fè pou l rekipe kò polisye viktim yo, poko janm gen ankenn aksyon serye, ki fèt nan sans sa a .

Direktè jeneral Lapolis la, Léon Charles,, te fè selman konnen, Lapolis jwenn blennde gang yo te sezi pandan operasyon sila a.

Nan yon pale, li fè, mèkredi 17 mas 2021, nan aswè, douvan laprès, Léon Charles deklare pa t gen okenn negosyasyon, yo te mennen bò kote gang Village de Dieu an, pou te rekipere blennde an, alòske yo poko janm al chèche kò polisye, ki mouri sasinen 12 mas 2021 an.

Alatèt Spnh-17 lan, Jean Elder Lundi, fè konnen, si ansanm revandikasyon yo te genyen ki te pouse yo mete sendika a sou pye te satisfè, tankou bonjan kondisyon travay yo pa t sispann reklame, jounen jodia, lavi polisye nasyonal, ki te nan operasyon Vilage de Dieu an, pa t ap gaspiye konsa.

Jiska prezan, ta genyen yon polisye, yo te di ki te mouri nan yon premye tan, men ki ta toujou vivan anndan Village de Dieu an, dapre kòdonatè Spnh-17 lan, ki mande alatèt lapolis lan antre al chèche polisye sa a nan men bandi yo. [jep emb rc apr 22/03/2021 11:10]