Español English French Kwéyol

Ensekirite : Atak bandi ak zam, madi 9 mas 2021 an, sou biwo santral Elektrisite d Ayiti, nan Pòtoprens, lakoz yon chofè mototaksi mouri anba bal, yon anplwaye konpayi sa a ak plizyè lòt moun blese

Pòtoprens, 10 mas 2021 [AlterPresse] --- Yon chofè mototaksi mouri anba bal, yon anplwaye Elektrisite d Ayiti ak plizyè lòt moun blese ak bal.

Se moso bilan, yon atak bandi ak zam fè sou biwo santral konpayi Elektrisite d Ayiti, madi 9 mas 2021 an.

Yon sitiyasyon, ki te lakoz kè sote lakay plizyè anplwaye Elektrisite d Ayiti, detan zòn Bisatnè an te vin blanch, akoz bri kout zam ki t ap chante yo.

Premye eleman enfòmasyon yo fè kwè se ta gwoup gang 5 segonn, ki gen chèf gang Izo nan tèt li, ki ta fè atak sa a sou lokal konpayi Elektrisite d Ayiti an, poutèt responsab enstitisyon sila a pa ta satisfè demann li te fè yo, pou bay kouran nan Villajge De Dieu, nan okazyon 3 lane depi gwoup gang 5 segonn nan ekziste.

Anpil kout zam te chante nan zòn sa a, nan moman yon bann atis t ap pare pou al jwe pou gang 5 segonn nan, lendi swa 8 mas 2021 an. [jep emb rc apr 10/03/2021 09:30]