<

Kout je fanm syantifik ayisyen sou kriz Ayiti a : Ki fason pou n soti ladan ?

Judite Blanc, Ph.D, Sabine Lamour, Ph.D.,

Otè yo fè AlterPresse jwenn tèks sa a 8 mas 2021

Nou se chèchèz, syantifik, inivesitèz ki ap travay Ayiti ak lòtbò dlo. Kòm espesyalis ki ap etidye epi travay sou sosyete ak moun, jan òganizasyon sosyal, ak politik piblik aji sou sante popilasyon ak devlòpman yo ; nou konsyan sitiyasyon nou pral site pi douvan yo, montre klèman nivo dezas sosyopolitik rejim an plas la ansanm ak lòt aktè politik yo anjandre Ayiti nan dènye ane yo.

A. Selon rapò Commission Nationale de Désarmement Démantèlement et Réinsertion (CNDDR), Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme (CARDH), Bureau Intégré des Nations-Unies en Haïti (BINUH) epi Haïti 2020 Crime and Safety Report of Diplomatic and security service, krim òganize (zak asasina, kidnapin, vyòl, vòl, atak ak zam, gang ak zam ilegal) kontinye ap vale teren an n Ayiti. Pa egzanp, ant 2017 ak 2019, kantite moun yo sasinen ogmante pou 42% sou teritwa nasyonal la (66% zak sa yo te rive nan Pòtoprens) (BINUH, 2020). Kantite moun yo kidnape Ayiti soti nan 35 an 2019 pou rive 796 (CARDH, 2021), sa vle di yon ogmantasyon de 761%.

B. Dapre rapò Médecins Sans Frontières (MSF), plis pase 83 % pasyan yo te bay laswenyay ant 2015 ak 2017, sete viktim vyòl. Pami yo , te gen 60% ki pat ko gen 18 lane.

C. An 2015, direktè PNH nan epòk la, Godson Orélus te rapòte yon kantite 250.000 a 260.000 zam t ap sikile ilegalman Ayiti. Men an 2020, chif sa double a 500.000 zam illegal selon RNDDH. Selon menm rapò sa, 96 chèf gang te idantifye. Sa ki vle di sou chak yon milyon moun Ayiti 44% riske viktim vyolans ak zam ilegal dapre kalkil nou.

D. Pwofesyonèl edikasyon ak sikològ rapòte gwo enpak peyi lòk te genyen sou kapasite pou aprann ak detrès sikolojik kay elèv ak etidyan Ayiti.

E. Dapre rezilta rechèch syantifik, Margaret McNairy nan Inivèsite Weill Cornell nan Etazini, ansanm ak Group on Kaposi’s Sarcoma and Opportunistic Infections (GHESKIO) te mennen nan ane 2019, se detrès sikolojik ak maladi tansyon wo jenn nan bidonvil yo te plis soufri.

F. Ayiti te fe nòt 4.90/10 nan nechèl demokrasi an 2018, li te klase nan kategori rejim balanse m debò, sa vle di ki pa gen demokrasi ki ap mache vre, paske l chaje koripsyon epi se peyi etranje ki deside de rezilta eleksyon. An 2020, apre ansyen Prezidan Jovenel Moise mete tout aparèy demokrasi yo ajenou nèt, nòt Ayiti degringole desann nan 4.20. Pandan lavi chè ap kontinye vale teren soti nan 10.68% an 2017 pou rive 17% an 2020. Nan dènye semenn yo, chak jou fanm kou gason an n Ayiti sou entènèt montre kijan yo ap viv nan laperèz akoz ensekirite ; yo ap pèdi gou nan lavi, yo pè soti, yo paka dòmi, yo santi yo enpuisan epi yo ap kouri kite peyi a.

Pou tout rezon sa yo, nou genyen anpil kè sote, kè sere, nou endinye e apiye mouvman mobilizasyon entènasyonal ak nasyonal ki tanmen devan pakèt krim kont limanite (krim san ak finansye) rejim an plas la ak tout akolit li yo ap komèt sou popilasyon an chak jou.

N ap raple posiblite pou viv lib e libè, an sante ak pou sikile tèt poze, se dwa moun enstitisyon entènasyonal yo rekonèt ki pa negosyab. Dayè, rechèch yo montre, tout moun bezwen santi yo an sekirite pou yo ka devlope kapasite yo, mantalman, fizikman, sosyalman ak ekonomikman. Tout dwa sa yo kontinye ap pilonnen alòske manman lwa peyi a garanti yo. Dapre konstitisyon amande a, depi le 7 Fevriye 2021 manda Jovenel Moise ki sou pouvwa a, e ki ap teworize pezib sitwayen ansanm ak akolit li yo bout. Nan sousi pou kontribye ak konsolidasyon lapè Ayiti, epi mete sou pye yon sistèm politik k ap reponn ak sa Ayisyen ak Ayisyèn vle pou peyi yo ; nou menm chèchè, syantifik ak inivèsitè Ayisyen ak Ayisyèn nou egzije pou :

1) Dirijan aktyèl yo pran konsyans, yo enkapab rezoud pou kont yo kriz malouk nou genyen ki depacha tout espas chita pale yo. Yo pa reyisi tabli konfyans ant yo menm ak popilasyon an. Nou ankouraje tout viktim yo ransanble nan asosyasyon, rasanble prèv yo pou pote plent an n Ayiti ak nan tribinal penal entènasyonal kont responsab tout krim san ak lajan k ap fèt nan peyi a nan dènye ane yo ;

2) Pou aktè politik yo chita tande ak pale prese prese, ak chèchè ak syantifik Ayisyen ak Ayisyèn k ap travay ak etik, sou kesyon kriz, solisyon li ak konsekans li genyen sou fonksyònman moun Ayiti ak sa yo fòse egzile lòtbò dlo yo. Moman sa dwe sèvi opòtinite pou nou aprann deplòtonnen politik piblik nan tèt kole ak lasyans, jan sa ap fèt nan tout pifò peyi ;

3) Fòk gen rekil politik kote eleksyon ak chanjman konstitisyon pa ta sipoze premye bezwen pou koulye a. Se sak fè n pwopoze yon gwo sondaj nasyonal transparan, nan tèt kole ak syantifik Ayisyen konpetan ki gen etik, pou chita pale ak tande popilasyon an sou ki sak priyorite yo ;

4) Yon komisyon tranzisyon ki monte sou baz konsiltasyon nasyonal, epi makonnen ak travay syantifik Ayisyen konpetan ki gen etik yo, pou pran direksyon peyi a pandan 2 zan pou òganize eleksyon onèt. Nan tranzisyon ki enpoze l kom solisyon pou rezoud kriz la, sante mantal ak fizik dwe priyorite. Nou konstate konsekans krim kont limanite ki ap fèt sou timoun ak granmoun se yon ijans sante piblik Ayiti ;

5) Nou mande aktè entènasyonal yo pou respekte sa nou vle pou nou, paske yo pa ba nou dwa foure bouch nan politik lakay pa yo, aloske y ap maspinen moun Nwa. Moman politik n ap viv la se moman pou nou aprann geri twomatis istorik (konsekans lesklavaj ak kolonizasyon), kolon blan ki te soti an Ewòp blayi sou pèp Nwa, depi plis pase twa syèk. Se premye rasin kriz manch long Ayiti ap travèse a. Nou vle gen dizon pan nou nan ede Ayisyen ak Ayisyèn konsolide lyen ant yo, epi chita diskite sou jan yo vle konstwi sosyete yo. Se nou menm Ayisyen ak Ayisyèn ki pou deside ki aktè entènasyonal nou vle ak nou bò tab nou an.

Nan solidarite,

Le 8 Mas 2021 :

Judite Blanc, Ph.D, Chèchez nan domenn sante popilasyon nan peyi Etazini
Sabine Lamour, Ph.D., Militant Feminis