Ti chèz ba

Politik yon lòt jan, èske medam ki nan politik yo fè ladiferans an Ayiti ?


mardi 9 mars 2021

Marie Rodny Laurent*

Li voye tèks sa a bay AlterPresse 7 mas 2021

Sa gen kèk lane depi medam yo ap klewonnen eslogan ki di : ‘‘fòk politik la fèt yon lòt jan an Ayiti’’. Yon chwa konsa sipoze marye ak yon refleksyon san limit sou sistèm politik k ap fonksyone nan peyi a.

Ekspresyon ‘‘yon lòt jan’’ an mande pou li gen yon kontni, pou l pa sanble yon eslogan anplis. Men, tout sa li mande pou medam yo fè, se demake mòd pratik politik tradisyonèl k ap fèt nan peyi a. Pou nou ta defini ki sa ki ‘‘politik yon lòt jan’’ an, sanble se tout yon manifès pou nou ta ekri sou kesyon sa a. Men, nou prefere ekri atik sa a kote nou sèvi ak obsèvasyon plis analiz pou n eseye gade ki sa prezans medam yo pote anndan sistèm politik tradisyonèl k ap mache nan peyi a, epi ki pwojeksyon ki ta ka ede medam yo fè politik kòm vrè aktè.

Mak fabrik politik tradisyonèl la nan dènye tan sa yo

Politik se rapò fòs. Se pi gwo leson nou tande tout tan nan bouch tout politisyen/zotobre sou pouvwa. Chak gwoup ap chache baskile fòs la nan kan pa yo, pou enterè klan pa yo. Yo chache fòs nan sèvi ak tout kalite zam : zam politik, zam lagè, zam pwopagann. Yo chache rasanble fòs nan degaje yon majorite pou yo lejitime desizyon y ap pran.

Nan politik tradisyonèl la, fòs zam nan sèvi pou entimide moun, pou fè moun pè. Se nan konsa politisyen/zotobre sou pouvwa mete zam nan men yon seri atoufè pou lage laterè nan mitan popilasyon an. Gen politisyen se ak sèl fòs zam yo sèvi pou yo pran pouvwa oswa pou yo kenbe pouvwa. Lè konsa, èske se pa zafè pèsonèl pa yo oswa zafè gwoup pa yo y ap chache regle ? Fòs zam nan konn sèvi pou libere tou paske an fas politisyen tradisyonèl yo, nou jwenn lòt politisyen ki konn itilize taktik zam pou yo chavire yon rejim oswa yon sistèm. Lè sa a, fòs zam nan sèvi pou ede popilasyon peyi yo pran souf anba esklavaj, enjistis ak diktati. Nou ka site revolisyon sandinis yo nan Nikaragwa, revolisyon kiben an avèk Fidel Castro (Fidèl Kastwo).

Se vwa majorite a ki konte, ki majorite ? Tout moun ki pase nan eleksyon resevwa manda pou y al travay pou byennèt popilasyon an paske si yo rive nan pouvwa a se majorite a ki vote yo. Men si depi nan eleksyon, politisyen sèvi ak lajan pou yo plen bwat bilten, enterè pèsonèl oswa enterè ti klan an deja prezan depi nan zak sa a. Donk se pa majorite a ki ba yo pouvwa, yo pa reprezante majorite a. Lè sa a, yo pi alèz pou yo rantre nan tout kalite jwèt malen.

Chache jwenn majorite pou yon desizyon pase se pratik nòmal nan demokrasi. Men si nou pran lachanm pa egzanp, kreye majorite nan achte vòt palmantè, se yon pratik koripsyon. Lè yon popilasyon fin vote yon depite, yon senatè, epi depite a, senatè a tounen yon machann vòt, se pa travay popilasyon an l ap fè, poutan l ap touche lajan pèp la. Èske pa ta dwe genyen posiblite pou popilasyon an kondane ni achtè vòt, ni vandè vòt anndan enstitisyon yo nan peyi a ?

Nan yon vrè sistèm demokratik, règ jwèt yo tabli sou estrateji ak taktik lalwa defini. Yon rapò fòs ki chita sou entèlijans ki marye ak konesans, yon rapò fòs ki jwe pou tabli jistis sosyal, yon rapò fòs ki chita sou bon ladrès diplomatik ak respè youn pou lòt, yon egzèsis pouvwa ki respekte kaye chay mandan yo, tou sa sifi pou fè valè yon vrè politisyen ki konprann politik se yon syans, li gen metòd ak teknik pou l fèt.

Mounpa. Politik mounpayis la se youn nan mak fabrik politik tradisyonèl la nan peyi a. Yon popilasyon vote yon moun men moun sa a al sèvi tèt li an premye epi apre li sèvi zanmi li ak fanmi li. Bezwen popilasyon an pa enpòtan pou yo, e popilasyon an pa pase an premye. Y ap pwoteje moun pa yo epi yo konn menm rantre nan konplo pou yo toupizi moun ki te vote yo, depi moun sa yo pran chans denonse aksyon ki p ap pote rezilta yo. Yo vire do bay mandan yo epi yo deklare mandan an yo se lènmi.

Anrichisman ilegal. Kòm se enterè pèsonèl ak enterè klan ki konte, depi politisyen yo rive nan pouvwa, nan de tan, twa mouvman, pifò nan yo tonbe sèvi tèt yo, sèvi zanmi pwòch yo nan lajan Leta, lajan an jeneral ki rezève pou popilasyon an ta jwenn sèvis sosyal fondamantal yo. Mete sou sa, yo sèvi ak privilèj pòs politik yo okipe a ba yo, pou yo negosye ak elit ekonomik peyi a, epi ak kominote entènasyonal la kont enterè peyi a. Ki fè, rive nan pouvwa nan peyi a reprezante yon mwayen pou otorite anrichi tèt yo, pou yo jwi tout kalite privilèj, pou yo kreye mwayen pou klas ekonomik la ak zanmi yo vin pi rich toujou, pou yo sezi byen popilasyon an, an gwo ponyèt.

Enpinite. Lè nou makònen rapò fòs, politik mounpa ak anrichisman ilegal, yo akouche enpinite. Ki moun ki gen pouvwa ki p ap chache mwayen kouvri tout sa li fè ki mal nan yon sistèm politik ki favorize sa ? Se konsa nou tonbe nan abi pouvwa ak enstrimantalizasyon lajistis peyi a.

Enjistis. Yon mòd rapò kote se gwo k ap vale piti, kote otorite ap fòmante fo majorite pou enterè yo pase, kote enterè mandan yo pa konte, se yon sistèm ki chita sou enjistis jeneralize paske li gaye nan tout nivo : sosyal, ekonomik, politik. Enjistis la vizib atravè kondisyon ak sitiyasyon chak kouch anndan popilasyon an, atravè distans ki egziste ant chak kouch sa yo, li vizib nan ajisman gwo ponyèt politisyen sou pouvwa yo ak nan dezespwa kouch defavorize yo.

Ki sa nou rele "politik yon lòt jan an" ? Pou ki sa politik la dwe fèt yon lòt jan ?

Yon fanm pa bezwen feminis pou li konprann politik tradisyonèl la pa taye sou tab kouti medam yo. Sistèm politik sa a pa soti nan mòd panse fanm yo. Kòm 52% nan popilasyon an, medam yo ap pwone pou politik la fèt yon lòt jan paske li lè pou enjistis jeneralize k ap demounize moun nan sispann.

Ki fè, politik yon lòt jan an enskri tèt li nan liy pou peyi a fini ak pratik rapò fòs ki jwe kont enterè popilasyon an paske se enterè popilasyon an ki premye obligasyon yon moun ki rive sou pouvwa. Politik yon lòt jan an se kreye tout mwayen pou nou fèmen endistri k ap pwodui bandi, se fini ak mounpa, se sèvi tout popilasyon an san nou pa bezwen konnen si yo rele Pyè, Jak oswa Jaklin, fanmi oubyen zanmi kiyès yo ye, ni nan ki lekòl yo te ye paske nou tout peye taks, nou tout se sitwayen. Politik yon lòt jan an se kwape pratik vòlè lajan Leta, epi se mete mwayen pou gen bon kontwòl. Politik yon lòt jan an vle di : kaba enpenite, kreye yon sistèm jistis ki fyab, kote tout moun, fanm kou gason an konfyans, kote se lalwa ki pou triyonfe. Politik yon lòt jan an se bati yon plan devlopman sosyo ekonomik ki chita sou vrè bezwen popilasyon an, vrè bezwen devlopman peyi a kote Leta garanti lojman, edikasyon ak lasante pou tout sitwayen alawonnbadè ; men tou, politik yon lòt jan an se kwè nan konstriksyon yon nouvo sistèm politik, kote medam yo chita nan plas prestij nan tout nivo kote y ap pran desizyon pou peyi a, kote yo ka esprime yo san baboukèt, paske reyalite lavi yo ap pèmèt yo pote solisyon pou tout yon seri pwoblèm gason yo pa janm ka sènen.

Soti 1950 rive jounen jodi a, èske medam k ap fè politik yo fè ladiferans nan politik ?

Ak Konstitisyon 1950 lan, fanm ayisyen vin gen dwa pou yo patisipe ofisyèlman nan lavi politik peyi a. Sistèm politik la tèlman bati sou malis kache, zouti ak mwayen li reyini pou moun asire pouvwa yo tèlman fewòs, yo tèlman pa jèmen nan fon panse medam yo, sa lakòz anpil fanm pa enterese rantre nan aktivite politik.

Se vre, sous motivasyon chak fanm ki deside fè politik an Ayiti pa menm. Gen fanm ki ale nan eleksyon oswa ki aksepte yon pòs nominatif paske li jis gen yon lide sosyal li ta renmen pouse san se pa yon vizyon devlopman global li genyen ; oswa tou, se paske, si li pa aksepte, moun ki pral okipe pòs sa a p ap yon meyè aktè pase l. Èske rezon sa yo sifi pou yon fanm aksepte yon pòs politik ? Genyen fanm tou ki pa pran okenn rekil parapòta mòd politik k ap aplike nan peyi a ; okontrè anpil nan yo kwè tout move malis nou sot site yo, se makfabrik syans politik la menm. Anpil fwa, yo rantre tèt bese nan menm règ jwèt koripsyon, gaspiyaj ak enjistis yo, yo pa rive pran distans parapòta move pratik pifò moun nan tout sosyete a ap denonse sou jan politik la ap fèt. Ki fè, san yon fòmasyon politik ki byen souche sou yon ideyoloji politik ki rekesyone swadizan pratik demokratik yo, medam yo pa gen anpil chans pou yo fè ladiferans nan zafè politik, yo pa gen anpil chans ni pou yo pote nouvote, ni pou yo fè mesye yo pran yon lòt direksyon nan zafè politik, dayè yo toujou an minorite ni nan pati politik yo, ni nan pòs politik yo (pòs nominatif tankou pòs elektif).

Ak absans modèl pozitif, sèl limit yon fanm osnon yon gason genyen nan zafè politik se konsyans li, se sèl konsyans li ki pou ba li moralite pou li pa repwodui imaj ak modèl politik tradisyonèl san pitye a. Se vre, se pa tout fanm ki okipe pòs politik ki swiv tout sa sistèm politik la dikte yo, men, li difisil pou moun rive evalye rezilta pozitif fanm politik yo pote nan lavi politik peyi a paske se menm sistèm politik la k ap woule. Anpil fwa, prezans kèk fanm sèvi pou gwo dirijan yo jistifye gen fanm, sitou nan konpozisyon gouvènman yo. An majorite, pozisyon fanm politik sa yo sou gwo dosye peyi a pa fè eko, prezans yo plis sèvi nan kore inegalite sosyal yo, nan soutni yon sistèm enjistis sosyal ki kont enterè fanm, kont enterè moun ki nan sitiyasyon frajil, kont peyi a an jeneral olye pou yo menm, kòm otorite piblik, yo ta rive asire yon wòl lidèchip nan gwo dosye politik yo.

Konklizyon

Lè nou byen analize prezans fanm nan politik nan peyi a, li plis sèvi kòz sistèm patriyaka bout di ki mare sosis li ak yon ansanm pratik makout ki pa bay panse fanm yo chans pou yo fè pwa anndan pouvwa a. Malgre sa, chanjman medam yo ap tann nan p ap vini tankou yon loray kale, ni se pa yon dekrè gouvènman k ap vin di sistèm nan chanje. Se nan sistèm bout di sa a menm pou chanjman yo kòmanse ak vijilans medam yo, ak mezi akonpayman konkrè ki pou fasilite medam yo jwe wòl yo nan politik peyi a, mezi ki pou kòmanse jodi a menm. Se mak fabrik sistèm nan menm ki depaman ak yon panse ki vize egalite ak ekite e se sa ki lakòz viktwa lit fanm yo ap fè tonbe leve anndan sistèm enjistis koryas sa a. Pa gen mwayen evite mòde lage sa a toutotan sistèm nan pa chanje. E menm lè peyi a ta pran wout nouvo sistèm nan, se konstans, vijilans ak mezi akonpayman yo k ap garanti perenite chanjman pozitif ki konsidere enterè tout moun.

Politik an Ayiti plis itilize fanm yo olye pou li ta ba yo opòtinite aji pou yo fè chanjman. Mank modèl pou fanm ak gason ta suiv, se pi gwo rezon ki fè medam yo pa rive fè gran diferans. Epi, mete sou sa, yo pa janm rive konstitiye yon mas kritik kote medam yo ka gen yon pwa reyèl nan politik peyi a.

Anpil analis politik te deja wè sistèm politik la rive nan bout li. Li enpòtan pou mòd panse fanm yo chita nan wonn sant nouvo sistèm politik Ayiti reve a, paske se moun ki pase maladi ki konn remèd. Se pou sa, tout fanm òganize konsekan ki kwè nan egalite ak jistis sosyal pou tout moun dwe fè yon kowalisyon pou yo pran direksyon konferans nasyonal souvren ki gen pou fèt la, sèl chans pou peyi a rive touche inegalite sosyal yo an pwofondè. Konsa, y a rive demontre jan deviz Libète, Egalite ak Fratènite-Soworite a se baz ideyolojik inivèsèl pou nou konstwi yon Ayiti solidè ki deside devlope yon politik sosyal egalitè ki divòse ak pratik politik tradisyonèl enjis la ki rive kenbe majorite a nan kanpe lwen.

* Lengwis

Centre de Recherche et d’Education au Genre et Développement - Creged
Mas 2021