Español English French Kwéyol

Ensekirite : Ministè lajistis di l gen gwo tèt chaje, douvan zak kidnaping yo k ap ogmante nan peyi d Ayiti

Pòtoprens, 08 mas 2021 [AlterPresse] --- Minis jistis ak sekirite piblik defakto an, mèt Rockfeller Vincent, fè konnen ogmantasyon zak kidnaping yo nan peyi an, pandan dènye tan sa yo, ba li gwo tèt chaje, nan yon kozman ak laprès lendi 8 mas 2021 an.

Alòske klima laterè an ak zak kidnaping toujou ap bay kè sote, san okenn dispozisyon pou kwape yo, gouvènman de fakto a, pa lentèmedy ministè lajistis li an, kontinye fè pwomès, ta gen jefò ki fèt kont krim san parèy, ki blayi san gade dèyè sou peyi d Ayiti.

Samdi 6 mas 2021 an, bandi ak zam, lapolis poko idantifye, kidnape enjenyè Maxon Fleury, nan Mariani, komin Kafou, depatman Lwès. Se nan Maryani, bandi ak zam te dappiyanp, dimanch 28 fevriye 2021 an, yon pwoprietè ponp gaz.

Sou plizyè jou, depi yo te kidnape l, nan avni N, Pòtoprens, bandi ak zam lage, menm samdi 6 mas 2021 an, anba kout fòs lajan, enjenyè Alix Clément, ki se mari minis sante piblik tèt kale an, Marie Greta Roy Clément.

Okap, zòn aryopò an, vandredi 5 mas 2021 an, bandi ak zam, lapolis pa t idantifye, te kidnape epi lage, yon ti tan apre, anba kout fòs lajan, etidyant nan medsin, Shinayda Délicieux.

Pou fè fas kare ak pwoblèm sa a, ki kreye laperèz lakay popilasyon an, Ministè lajistis mande Lapolis nasyonal lan montre l pi prezan nan lari an, mete kontwòl sou tout machin k ap sikile nan lari an.

Pami pwomès li fè ankò, gouvènman defakto an deklare fòk yo mete sou pye yon seri dispozisyon, tankou kontinye bare kèk zòn estratejik, nan lide pou anpeche zak bandi yo, epi mete patwouy lapolis nan kèks wout prensipal.

Ministè lajistis swete, pou gen travay ki fèt nan prizon yo, pou anpeche prizonye yo sove.

Li mande pou otorite konsène yo lanse rechèch, san pèdi tan, kont tout prizonye ki te sove nan prizon sivil kwadeboukè an, nan dat jedi 25 fevriye 2021 an.

Sou bò pa l, nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan, Bedford Claude, deklare yon operasyon zewo tolerans kont tout bandi, k ap simen latwoublay nan zòn Pòtoprens lan.

Li mande jij de pè Pòtoprens yo, pou kanpe bò kote pakè tribinal sivil Pòtoprens lan, nan lide pou kwape kidnapè yo.

Bedford Claude ankouraje tout moun Pòtoprens rele sou nimewo 3604 9602, pou siyale tout move zak, k ap pase nan zòn yo. [rf emb rc apr 08/03/2021 14:20]