Pòtoprens, premye mas 2021 [AlterPresse] --- Bandi ak zam touye anba bal, dimanch maten 28 fevriye 2021 an, doktè Ernst Paddy, ki gen 63 lane sou tèt li, pandan yo t ap eseye kidnape l, nan zòn chemen dèdal, avni Kristòf, Pòtoprens, tou prè klinik li a, dapre enfòmaasyon ki vin jwenn ajans sou Entènèt AlterPresse.
Zak sa a rive, nan moman kote doktè an te nan machin li, ap tann louvri baryè klinik li an, pou al chèche materyèl pou pote swen bay yon moun ki te blese.
Doktè Ernst Paddy se yon doktè ki konn bay timoun laswenyay. Sa pa gen lontan, li te soufri anba yon pwoblèm sikilasyon san nan sèvo l, yon estrok, sa yo rele nan langaj teknik yon Avc.
Doktè Ernst Paddy te responsab tou yon lekòl prive, ki nan ri Rivyè, Pòtoprens.
Menm dimanch 28 fevriye a, bandi ak zam, ki te sou machin, kidnape Jean Marc Condestin, responsab yon ponp gaz, nan zòn Mariani, nan komin kafou (nan sid kapital la).
Moun nan Maryani te bloke wout nasyonal nimewo 2 an, pou pwoteste kont nouvo zak kidnaping dimanch 28 fevriye 2021 an. [jep emb rc apr 01/03/2021 8:00]