Español English French Kwéyol

Ayiti : Plizyè òganizasyon lonje dwèt sou Ofis pwoteksyon sitwayen (Opc), ki montre l pi sansib pou pwoteje enterè Blan ak mafia entènasyonal, olye l defann enterè pèp ayisyen an

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 23 fevriye 2021

Nan yon nòt, yo rann piblik nan dat madi 23 fevriye 2021, plizyè òganizasyon denonse konpòtman Ofis pwoteksyon sitwayen (Opc), ki deside kore kòz Pati ayisyen tèt kale an (Phtk), nan al fè yon reyinyon sou swadizan Konstitisyon Jovenel Moïse, ki pa gen ni otorite, ni dwa pou chanje manman lwa peyi a.